À propos de LakayInfo

LakayInfo est un média d'information numérique dédié à l'actualité haïtienne et internationale. Notre mission est d'informer, d'éduquer et de connecter les communautés haïtiennes à travers le monde en proposant une information fiable, vérifiée et accessible à tous.

Nous couvrons une large gamme de sujets, notamment la politique, l'économie, la société, la culture, le sport, les technologies et les grands événements qui façonnent l'actualité en Haïti et au sein de la diaspora.

Attaché aux principes du journalisme professionnel, LakayInfo privilégie la rigueur, l'indépendance éditoriale et le respect des faits. Notre ambition est de devenir une référence médiatique pour tous ceux qui souhaitent comprendre les enjeux d'aujourd'hui et suivre l'évolution d'Haïti dans le monde.

LakayInfo – L'information au cœur de notre communauté.

13 juin 2026

FÒK ELEKSYON FÈT NAN PEYI-A, POU GATO A SISPANN MANJE NAN FÈNWA.-

3 min de lecture

Nan bouch tout radotè isit ou tande Eleksyon paka fèt paske peyi a gen twòp gang, sou pretèks blan pral retire Ariel pou mete yo, pou fè Eleksyon pou pwòp tèt pa yo. Alòske blan te deja di yo pap gen tranzisyon ankò pa bò isit.

Kòk sa yo gen 2 kokoriko:

-1 pagen sekirite nan peyi a ( mande yo kiyès ki kreye’l?)

-2 Yo pa’p al nan Eleksyon ak Ariel ( mande yo Kiyès ki mete Ariel kotel ye a?)

Eske Ayiti gen bandi ak zam pase Colombie? Kote gang nan peyi sa gen cha blende, gwo zam otomatik epi chaje ak taktik. Nan peyi Colombie sou rejim ki la kounye-a gen plis pase 76 masak. Nan peyi Brasil menm chaje ak favelas ki gen anpil gang. Mezanmi, nan ka sa; peyi sa yo patap janm fè Eleksyon nan peyi yo?

Kanta koze Ariel la, pa chante bagay sa ditou; dayè nou konnen byen metye chirijyen se fann mou, se espesyalite yo, mwen abitye ak yo, yap finn fann ou se lè yo fini sa yo ap fè a pou yon kanpe.

Sak pi grav la, yap chante di se pou Martelly li pral fè Eleksyon radote fè grimas; depi lis manb KEP yo finn pibliye tout moun se mete bòt ou, pou al fè kanpaysi tout bon nou vle sa chanje. Martelly pat fè Eleksyon yo plenyen, Jovenel pa fè Eleksyon yon plenyen. Mezanmi kisa nou vle menm?

Majorite moun kite nan Opzisyon pou pa di tou gen yon vye pye poul anba anba pou souse kanmenm, menm si yo pa jwen kis pou la; menm djòl yo pa fè dlo.

Depi mwen timoun mwen pa janm tande vakabon isit di: te gen bon Eleksyon:

•1991 yo di se magouy yo fè pou Titid
•1996 yo di se magouy yo fè pou Preval
•2001 yo di se magouy yo fè pou Titid
•2006 yo di se magouy yo fè pou Preval
•2010 yo di se magouy yo fè pou Martelly
•2015 yo di se magouy yo fè pou Jovenel ( mwen te pami yo tou)

Finalman mesye dam eske nap kite pitit mwen viv menm bagay sa yo toujou! Non! Non! Map denonse tentennad nou yo paske doulè se pa nou kap santi yo, se pa madanm nou se pa mari nou se pa pitit nou.

Sousou yo rete chita ap tann blan, pandan Ariel Henry se pi byen kontan li lè li tande pa itil sa yo di paka gen Eleksyon sa ap ba li plis tan sou pouvwa li epi bay blan yo plis tan pou elimine politikman tout nèg ak fanm ki sèvi obstak sou sènn politik la.

Blaise Robelto Flanky
https://www.facebook.com/100012066304079/posts/1354782654933932/?d=n

À propos de l’auteur

Voir plus

1 a réfléchi à «FÒK ELEKSYON FÈT NAN PEYI-A, POU GATO A SISPANN MANJE NAN FÈNWA.-»

  1. Нарколог на дом в Казани — это возможность получить медицинского специалиста без посещения клиники, когда человеку нужна помощь при запое, интоксикации, тяжелом похмелья, абстинентном синдроме, употребления алкоголя или наркотиков. Врач приезжает на дом, проводит осмотр пациента, оценивает симптомы, подбирает препараты и дает рекомендации по дальнейшему лечению.
    Подробнее тут – нарколог на дом казань.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Le point sur l’actualité