30 octobre 2025

.

.

Me Formeus n’est plus de ce monde.

2 min read

Sa fem.mal anpil.. misye tap travay Kay Mevs yo depi kek tan.
Map voye kondoleans Mwen bay fanmi Mevs ke m te travay ak yo e Mwen toujou gen bon relasyon ak.
Mwen prezante kondoleans AK Gregory Mevs ki yon Moun nan sektè privé a ke mwen gen bon souveni de kolaborasyonm ak li.

Me Formeus te rete menm kote avem nan Delmas 75 apre bandi te finn pran kay li anba lavil la nan Magloire Ambroise. Depi 2007 misye ap goumen poul fè yon Kay la. Sel byen li posede.

Lel tap monte blok li te mennenm al gade travay la.

Lè ti akalmi a tout Moun tap eseye al gade kay yo..misye rive menm twalet yo pran nan Kay. Bel céramik li te acheté li wè yo boule tout chamb yo.

Misye rive lakay li, li chita yon Kris pranl , li mouri sous plas.

Youn moun gendwa di byen materyel se pa bagay pou moun atache avel. Mwen dakò! Se pozisyon m. Men tout moun pa reaji menm jan lel en fas yon problèm ki sanble pa gen solisyon. Kay sa misye te gen yon istwa sentimental ak li.. se fri premye travay li. Anpil moun nan klas mwayèn nan gen istwa sa ak premye kay yo. Se pa selman yon kesyon byen materyel.

Me Formeus te rivé à bout de souffle et à bout de tout face à un tel désastre. Li ale! Mwen pat nan fineray ou men ou nan kèm. Nou te gen menm problem. Men mwen te abite pa yon konviksyon: m pat vinn ak anyen sou latè, lem ap tounen kote granmet la, m pat tounen ak anyen.

Le peuple est désarmé face à l’ arrogance des gangs, les élites féroces et sauvages d’ Haiti pillent les ressources du pays, l’ étranger domine. Le spectacle est affreux!

La victoire est proche. N’ abandonnez pas. Fortifiez- vous! .. notre situation est celle d’ une détresse inédite sans fin. Mais, c’ est au milieu du désespoir que Dieu se révèle à son peuple.

Bonne traversée mon frère.

Me Sonet Saint- Louis.

Copyright © 2025 Lakayinfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +33 749137898 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur .

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture