16 mai 2024

Morvan Jhon Colem ap toujou rete lansè dalèt pou mwen ak anpil lòt moun, menm si travay li yo fè anpil dega sou karyè moun sa yo.-

3 min read

soti depi J. Napoleon, Dimitri Vorbe, André Michel, Laurent Lamothe, Reginald Boulos, Jovenel Moïse, ak apil lòt moun, sepandan se pa sa ki pi gwo problèm nan.

Morvan te komanse travay li sou rezo a byen li gen kaye li, e tout koze kap fèt anba tab nan tout klas nan peyi a, Morvan se premye moun ki pale yo, li libere Lapawòl Ayiti. 5 ane avan, tout sekrè te nan men jounalis tradisyonèl yo, se yo menm boujwa ak politisyen te pè e ki toujou gen monopòl enfòmasyon nan peyi a, Morvan vini, li kase chèn Nan e tout koze vinn ap pale sou entènèt la epi aprè TT vinn swiv li, San ranki’n, yo 2 a mare sosis yo. Yap avanse. Sèl repròch mwen ka fè: nan dimansyon nèg yo, yo pat dwe kite santiman depase kalite travay yo a,( sim pa renmen X-y li pa bon map fini avèl). Bay moun nom, rele moun vòlè…

Jhon Morvan Colem

Sonje byen: «ENFÒMASYON MORVAN BAY SOU YON MOUN, SE YON SOUS KI BAY LI YO, GEN ENFO KI BON, KONSA SOUS LA GEN DWA PA BA LI BON ENFÒMASYON AN TOU» etanke Lansè dalèt, Morvan pa te dwe genyen preferans nan moun pou li proteje ak moun pou li kraze. ou mèt si anpil gwo moun te anvi zanmi’l, fè’l promès oubyen ba li ti kado nan lide pou proteje tèt yo.

Kontrèman ak mwen kite nan yon pati politik, kit ap fè yon bon epi an menm tan move propagan kont Reginald Boulos, Laurent Lamothe paske 2 gwo Nèg sa yo, nou te deside pa nenpòt mwayen pou nou diskredite yo, paske pou sa yo yè pou sa yo fè yo ka vinn prezidan. Francheman Mwen regrèt enfiniman ke mwen te pran nan yon angrenaj kote ke mwen pat ka fè bak, San mwen pa site ki sa Jovenel Moïse pase anba kout big mwen.

Imajine’w mwen te rele Boulos “Diable Rouge”, telman li kriminèl; mwen di se pou li yo te kreye bwat ki rele ONA San okenn prèv epi sa pat anpeche mwen jwen bwavo. Mwen mete Laurent Lamothe toutouni Mwen dil vòlè tout lajan Petrokaribe A, chèche’l nan tout bwa fatra poum taye yon ti rad mete sou li ki rele kòripsyon, sepandan mwen pat gen okenn prèv e menm ameriken ki di li pran konbyen milyon poko janm ka prouve nan ki kanè, nan ki bank kòb sa yo ale ou menm yon foto kote Lamothe ta monte ak sak lajan sa.

Mwen kite modèl politik fè kraze lòt pou voye pam monte Nan di sa ki pagen anyen pou wè ak verite. Map itil peyi a demen, mwen pagen okenn moun pou’m ap pale mal jis kaske mwen vle detwi’l.

Mwen di’l deja: mwen pap janm kritike yon aktè politik ak ekonomik tout otan lajistis pa kondane yo. Se pou sa mwen fè chwa pa nan okenn pati politik pou mwen lib pou mwen ekri yon komantè sou nenpòt aktè politik. Sof ke mwen janm chita gade moun ap atake yon seri de aktè politik ke mwen te gen chans chak jou, diskite epi pran desizyon ansanm.

Mwen swete Morvan rele André Michel,, Edmonde S.Beauzil mwen pa diw mande yo eskiz men rele yo pale ak yo pwiske ou konnen kay yo te boule. Mwen kouraj, move van yo pral pase Nan kèk semèn, jis ankese, kontinye pelerinaj eskiz la, an piblik ou an prive ak moun ou panse ou te vreman choke tankou moun mwen site yo la. Mwen pap aksepte ou kanpe. Fè saw dwe fè pou tounnen Nan yon lòt dimansyon.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading