PFSDH : Kondanasyon trajedi “Waf Jérémie” an epi fè yon apèl pou sove Ayiti.-
3 min read
Pati Fizyon Sosyal-Démokrat Ayisyen (PFSDH) eksprime yon lòt fwa ankò gwo tristès li devan trajedi ki fèt nan lokalite “Waf Jérémie”, nan komin site Soley kote prèske de san (200) granmoun fanm tankou gason pèdi lavi yo nan yon masak ki te òkestre pa chèf gang Micanord, ki ap opere nan zòn sa depi lontan san yo pa janm sibi okenn pouswit.
Sitiyasyon dramatik sa a demontre detrès yon peyi kote lavi moun pa gen okenn valè, ni pou kriminèl yo, ni pou moun ki nan pozisyon responsablite nan Leta a. Kòm sosyalist, nou wè sa kòm yon endikatè ki bay laperèz. Sitiyasyon sa a se sèlman yon kontinyasyon vag vyolans ki ap elaji, e ki ap voye yon imaj makab sou pèp nou an nan je mond lan.
Yon vyolans sistematik
Dram moun Atibonit ap viv, asasina ak masak ki ap repete, tankou sa ki fèt nan ti rivyè kote anviwon sozanndis (70) moun, ladan yo twa (3) ti bebe, bandi te asasinen, oubyen kidnapin timoun ak lòt krim ankò, nan kapital la ak atravè peyi a, se yon eskalad vyolans ki pa gen kontwòl.
Espiral vyolans sa a, konbine avèk yon sitiyasyon latwoublay ekstrèm, ki make pa yon kriz politik ak yon ensekirite planifye, montre echèk Leta a. Popilasyon an ap lite pou l fè fas ak machin lanmò ak laperèz gang ame ki ap fèt san rete. Jodi a, fondasyon Leta souvren an ebranle, e tout fondman demokratik yo tonbe plat atè.
Yon kriz demokratik
Kòm sosyal-démokrat, nou kwè nan prensip fondamantal yon veritab demokrasi: dwa moun, jistis sosyal ak pwogrè. Malerezman, ideyal sa yo ap kraze anba gouvènans ki make pa sou plas, anbisyon pou pouvwa, fè lajan fasil e kolizyon ak fòs kache. Pratik sa yo anpeche nenpòt konsiderasyon pou lavi moun.
Li enperatif pou nou batay pou prezève lavi. Nou pa ka aksepte sitiyasyon sa a kòm yon fado epi rete bra kwaze, kite dezespwa kraze espwa pèp nou an. Se poutèt sa PFSDH fè apèl pou yon efò kolektif ki enplike fòs viv peyi a. Efò sa a pa dwe limite a demach pèsonèl ki sèvi sèlman enterè pèsonèl, tankou sa k ap pase anba rejim aktyèl la. Pèp la kontinye pa wè okenn siy de volonte politik pou li ofri yon avni miyò. Avni li nan dlo, desten li an danje.
Apèl pou kominote entènasyonal la
Pèp Ayisyen an bezwen yon sipò klè, ekitab ak san ambigwite nan men kominote entènasyonal la, espesyalman peyi ki di yo se “zanmi Ayiti”.
Nou kwè sipò sa a dwe vin operasyonèl atravè mezi konkrè tankou:
1. Kontwòl zam ak minisyon: Peyi ki di yo vle ede Ayiti dwe mete an plas plan konkrè ak angajman fòmèl ansanm ak peyi vwazen yo pou anpeche zam ak minisyon kontinye antre nan peyi a nan pò yo ak fwontyè yo.
2. Leve anbago sou ekipman sekirite: Anbago ki anpeche gouvènman Ayisyen an achte ekipman nesesè pou ranfòse lame ak lapolis dwe leve.
3. Ranfose kontwòl fwontyè yo: Otorite Ayisyen yo dwe ogmante efò yo pou sekirize fwontyè peyi a, espesyalman ak Repiblik Dominikèn, ansanm ak pò maritim peyi a.
Vè yon Ayiti lib ak souvren
Dominasyon gang ame nan senk (5) dènye ane yo, espesyalman nan katye popilè yo, dwe sispann. Li enperatif pou pèp Ayisyen an retabli dwa lejitim li pou viv lib kòm yon nasyon souvren, ki merite eritaj Jean-Jacques Dessalines te kite pou li.
PFSDH re afime angajman li pou l travay pou yon avni miyò e pou defann dwa fondamantal pèp Ayisyen an.
You made some clear points there. I did a search on the topic and found most persons will go along with with your blog.
Vavada Casino’s Limited-Time Bonus Offers https://www.google.sn/url?q=https://total.kz/ru/news/nauka/peresadka_fekalii_pomogla_omolodit_mozg_date_2021_08_10_18_37_08 – Vavada
Vavada Casino: Endless Entertainment, Limitless Possibilities https://www.google.ee/url?q=https://stroy-dokument.kz/media/pgs/?vavada_casino_583.html – Vavada Online
5win Casino: Your Chance to Shine! https://www.google.mu/url?q=https://www.haikudeck.com/5win-casino-no-brasil-business-presentation-c5c6c55c9a – 5wim
Unleash the Thrill with 5win Casino Games! https://www.google.at/url?q=https://www.haikudeck.com/5win-casino-no-brasil-business-presentation-c5c6c55c9a – 5win login
5win Casino: Your Lucky Break Awaits! https://www.google.lk/url?q=https://theshaderoom.com/articl/5win1.html – 5win1
Los Secretos de Pin Up Casino para Triunfar en Mexico https://www.google.am/url?q=https://contralinea.com.mx/wp-content/pgs/?pin_up_casino_2758.html – Pin-up
Descubre el Programa VIP de Pin Up Casino en Mexico https://www.google.it/url?q=https://saanka.com – Pin-Up Casino
Pin Up Casino: Tu Destino de Juego Online en Mexico https://www.google.iq/url?q=https://luxurious-ulna-95d.notion.site/Pin-Up-Casino-M-xico-2007b0bbe66d80a7acccf8eac4edc3ee – Pin Up Casino
Pin Up Casino Mexico: Una Plataforma para Ganar y Disfrutar https://www.google.tk/url?q=https://notebook.zohopublic.eu/public/notes/sjoh559996ad45e9e4b23a2579dec396f693a – Pin-Up Casino
Los Juegos Mas Emocionantes de Pin Up Casino en Mexico https://www.google.tl/url?q=https://palzparc.com/blog/23908/pin-up-casino-mexico/ – Pin Up
fantastic post.Never knew this, regards for letting me know.