16 mai 2024

Stanley Lucas: une fraude calibrée pour “détruire” ceux qui questionnent les abus du Régime MARTELLY-MOÏSE.-

2 min read
Stanley Lucas: une fraude calibrée pour “détruire” ceux qui questionnent les abus du Régime MARTELLY-MOÏSE.-

Made esklav ki rele Stanley Lucas sa si Martelly-Lamothe yon parenn li lòt la de papa’l

Georges Stanley Lucas pèdi respè IRI; menmsi sa pa vle di nou pran IRI pou yon referans. Sepandan, si menm IRI sa tou ki pa finn twò klè nan manipilasyon politik lòt peyi, trouve Stanley ekzajere sa vle di nan Ki nivo malfwa ta sanble Stanley Lucas desann pou li jwen sa l bezwen. Ce n’est pas peu dire!

Se konsa Stanley Lucas devlope yon vye repitasyon, e se konsa tou li vinn oblije rantre anba zèl Laurent Lamothe paske se nan diplomasi a li jwen kòb pou l viv. Sanble o komansman li te touche sou ambasad Washington, épi apre li vinn touche nan Consulat New York la. De tout fason se kòb paspò Ki ta dwe rantre DGI ki peye Stanley pou li blabla an favè Rejim Jovenelis la.

Gen moun ki te di msye touche 25,000Us$ pa mwa. Men Sanble se pa chif la vre. Chif la Sanble pi pitit . Tout jan pa gen transparans e se gras ak jounalis Valery Numa, kèk enfòmasyon sou sa té rive sòti.

Tout jan, Stanley Lucas, apre yo revoke l nan IRI, tounen yon disip Martelly, Lamothe, Jovenel, retounen nan Lamothe Kounye a ankò. Li se yon kreyatè filozofi/Slogan Martelly-Moïse la ki se: APRE NOU SE NOU!

Sepandan poukisa li refize rantre Ayiti? Sanble li te gen anpil rezon pli li rete lòt bò. Eske masak Jean Rabel la kote yo di fanmil te fè touye anpil peyizan pou pran tè yo? Qui sait! Sèlman li Viv plis alèz lòt bò, pandan l ap kraze imaj moun AYiti.

An atandan li travay sou dosye lobiyis Gouvènman Jovenel Moise la te fè promosyon ni pou Prezidan Moïse, ni pou madanm li Martine Moise.

An tou ka, li enpòtan pou tout moun k ap li sa l ekri yo toujou poze tèt yo kesyon: Eske sa li di yo gen bon jan prèv? E ki avantaj komantè li vle fè nou vale yo ap pote pou li, ak pou nouvo vèsyon PHTK-jovenelis an konstriksyon an?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading