31 décembre 2025

.

.

Ayiti Politik: Gouvènman an ap chèche fè moun bliye zak teworis Delege Antonio Jules te fè nan « CAFÉ TRIO » a

2 min de lecture

NOU GEN POU WÈ

Anpil moun nan lemond antye tap analize pawòl prezidan Jovenel MOÏSE, avan men’m li te monte sou pouvwa. Pawòl li yo te chaje ak eksè,kifè,mwen ak anpil lot moun kap ekri e kap panse te di: Jovenel se yon ti diktatè kap grandi.

KRIMINÈL- Pouvwa toujou sèvi ak yo pou fè zak malonèt se souf-nan-tchou tankou Délégué Okap la Jules Antonio ak Komisè gouvenman an Me Ferney Charles st juste.

Délégué ap fè siveye rapòte epi komisè menm la pou libere patizan pouvwa a ki fè krim ak gwo zak malonèt ak arete moun ki kont pouvwa kriminèl sa a.

ANTI-DEMOKRASI- Asasen yo kite fè zak teroris nan café trio, pa lwen pou yo anba kòd lajistis. Pawòl petrokaribe a pap sispann pale,menm pouvwa kriminèl sa ap simen dèy tribò ba bò, fòk mesye volè yo rann lajan petrokaribe a.

PREZIDAN JOVENEL PA FÈ SANBLAN-Nan mikro ou vann tèt ou tankou yon moun ki pou demokrasi, ki kont kòripsyon, men nan nannan pouvwa paw la ou sèvi ak kèk bouwo pou asasinen pitit pèp la lè yo poze kesyon sou zak kòripsyon ekip Ou a.

NOU PA EGARE- Prezidan peyi a ak tout premye minis li,ap chèche fè moun bliye zak Délégué Jules Antonio epi pou popilasyon an padone’l, Yo sèvi ak menm kriminèl sa pou distribiye televizyon pou blofe malere. Zak sa sanble sanble tèt koupe ak yon fanm vagabon ap fè kadejak sou li epi yap dil gouye.

NOU MÈT BOLOZE- Si gouvenman kriminèl sa pa deside:Jou pou mete lapat sou ti bandi ak gwo bandi yo, se tande na tande yo pran teroris sila yo ale ak yo paske zak teworis Se krim transnayonal.

Robelto Flanky BLAISE

101 réflexions sur “Ayiti Politik: Gouvènman an ap chèche fè moun bliye zak teworis Delege Antonio Jules te fè nan « CAFÉ TRIO » a

  1. Hi, I think your site might be having browser compatibility issues. When I look at your blog site in Safari, it looks fine but when opening in Internet Explorer, it has some overlapping. I just wanted to give you a quick heads up! Other then that, very good blog!
  2. Hello there! This is my first comment here so I just wanted to give a quick shout out and tell you I truly enjoy reading through your articles. Can you recommend any other blogs/websites/forums that deal with the same topics? Thanks a lot!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2025 Lakayinfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com | Newsphere par AF themes.

En savoir plus sur .

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture