27 juillet 2024

Ayiti Politik: Ansyen senatè nò a, Dr Kely Bastien reyaji sou pozisyon Ayiti gen nan dosye Venezuela/OEA a

2 min read

Mwen pa ta renmen nou konprann ke se pou sèl lajan Venezuela bay Haïti nan kad Petrokaribe a ke Haïti ta dwe sipòte’l. Listwa Haiti kòm premye pèp solidè sou latè nan batay pou libète ak diyite lot pep nan rejyon an la depi anpil tan. Henry Christophe, Alexandre Petion bay prèv la. Se sak fè nan Savannah, Venezuela, Argentine nou jwenn estati Ero sa yo.

Lè nou san memwa li fè nou gen pafwa atitid manfouben.

Konjonkti entènasyonal la jounen jodia se enterè ki kòmande’l. Gade sa k’ap pase sou akò Iran, kòman gro peyi bliye alyans yo, gade gwo sanksyon etazini ap pran nan zafè komès ak lòt gwo peyi zanmi’l. Demokrasi a vin tounen dra pou defann enterè pi gran yo. Aksepte rezilta eleksyon nan peyi sa yo ap depann de ki moun yo vle pase. Ayiti se yon gro ekzanp. Si kominote entènasyonal la te kwè vrèman nan demokrasi ou pa tap janm gen Prezidan afriken kap pase 30 lane sou pouvwa anba je yo byen trankil konsa. Se paske dirijan peyi sa yo deside remèt yo richès peyi yo an retou (lò, petwòl, dyaman ak lòt resous minyè).

Sitiyasyon Ayiti te difisil se vre pou rezon ekonomik ak jeopolitik. Men kèlkeswa vòt la te dwe gen omwen yon tèks ki eksplike pozisyon li t’ap pran an. Sa ki grav nan ka sa ou pa ka konnen si Ayiti defann ni valè ni enterè!!!

Kely Bastien

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading