24 février 2026

AYITI politik: Pierre Marie DuMény,vle fè travay li jan prezidan Jovenel MOÏSE, toujou di nan diskou li yo: konbat kòripsyon jou nan nannan

1 min de lecture

FLASH POLITIK

Minis komès la Pierre Marie DuMény ap mete an aksyon diskou prezidan jovenel MOÏSE yo tankou: konbat kòripsyon ak kontreband kap fèt nan dwàn ak vòl nan administrasyon piblik la.

Prezidan Jovenel MOÏSE konnen jan de desizyon sa yo difisil pou yon minis pran sitou lè moun ki an kesyon an se yon senatè ki ka itilize tout mwayen bon tankou move pou sanksyone minis la oubyen nenpot kilè kapab konvokel epi ranprasel.

Sou baz ni demach kont tout kalite korisyon sa yo ke minis Pierre Marie DuMény ap antreprann pou ede ekonomi peyi a pran jarèt,nap mande pou minis jistis la ranfòse sekirite minis komès la prese prese pou anpeche kontrebandye ki nan pouvwa ak kontrebandye ki nan sektè prive a pa fè dapiyanp sou li

R.F.B

Lakayinfo

Copyright © 2026 Lakayinfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com | Newsphere par AF themes

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture