16 mai 2024

Haiti Education: Pierre Josué Agénor Cadet, moutre « hostilité  » san rezèvak dosye estaj etidyan finisan Ecole Normale Supérieure » yo, pandan ke dosye estaj la antre pami affaires courantes Pierre Josué Agénor Cadet ta dwe ap likide yo.

2 min read

Haïti : éducation

Etidyan finisan <<Ecole Normale Supérieure>> yo; aprè plis ke 2 zan reklamasyon antre yo nan staj, te rive pran yon ti souf nan chita tann relouvèti lekòl la, 3 septanm 2018, pou te kapab koumanse mete an aksyon savwa yo. Mizanplas ki po ko janm koumanse kontrèman ak sa ki te prevwa nan chita pale kite fèt ant manm kabinè minis la, komisyon etidyan yo ak youn nan direktè ekòl nòmal yo jou kite 5 avril 2018 la

Nan chita pale sa a plizyè kondisyon te poze pou fezablite estaj la tankou:

1) Atenn fen ane akademik 2017-2018, la.

2) Ranpli ak soumèt dosye estajyè yo nan kabinè minis la.

3) Disponiblite chak grenn estajyè pandan peryòd estaj la.

Paralèlman ak dispozisyon sa yo ak anpil lòt ankò, gen yon silans total bò kote Minis Demisyonè a, Pierre Josué Agénor Cadet ak tout responsab Ministè Levasyon Nasyonal yo ; sitou lè Etidyan estajyè yo poko wè reyalizasyon fòmasyon ki te pwomèt menm avan relouvèti Lekòl la, ak siyati kontra estaj la.

Yon lòt fwa ankò, Etidyan estajyè yo deplore konpòtman malonèt Minis Demisyonè a, Pierre Josué Agénor Cadet, ki pi fò nan gagote lajan peyi a nan pwogram kòripsyon, Kit eskolè olye l travay nan sousi yon bon sistèm edikatif.

Pierre Josué Agénor Cadet, moutre « hostilité  » san rezèvak dosye estaj etidyan finisan Ecole Normale Supérieure » yo, pandan ke dosye estaj la antre pami affaires courantes Pierre Josué Agénor Cadet ta dwe ap likide yo.

CETENS

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading