16 mai 2024

Kisa “DERMALOG” la ye ?

2 min read

DERMALOG se yon antrepriz ki tabli nan peyi Almay peyi Hitler te fè anpil krim e plan pou te domine tout mond la.

depi 22 ane DERMALOG ap travay pou nouvèl Òd mondyal la (la marque de la bête 666) ki espesyalize nan pwodwi biyometrik (biométrique) pou idantifye e manipile enfòmasyon chak grenn moun apati de yon ti kat depi li anrejistre nan sistèm yo tabli pou chak baz done, DERMALOG travay sitou ak gouvènman yo epi ak bank yo.

Ki enpòtans avantaj prodwi DERMALOG ofri ak gouvènman yo epi ak bank yo ?

DERMALOG kapab prodwi kat idantikasyon pou yon gouvènman idantifye chak grenn moun nan popilasyon li, ki anrejistre nan sistèm oubyen baz done gouvènman an oubyen yon bank.

Si toutfwa ta gen malè se menm kat sa ki itilize pou zafè eleksyon, se dekabès pou gouvènman k ap òganize eleksyon an; l ap gen mwayen pou fè kandida yo vle fè genyen eleksyon an genyen, nan manipile enfòmasyon yo. Egzanp: nan sistèm bank yo. Fòk nou wè sistèm bank yo ap chanje, yo preske pa sèvi ak kanè ki fèt nan fòm liv yo ankò; yo ba y yon kat ki biyometrik ki gen tout enfòmasyon pèsonèl kliyan an nèt, yon fwa ou depoze dwèt sou yon ti aparey tout enfomasyon monte; e apatati de yon klavye ak ekran ki devan bankye a, bankye ka fè tout kalite tranzaksyon: transfere, depoze, retire lajan. Ki donk, bagay kat biyometrik sa bon e li pi pa bon pou yon peyi tankou Ayiti ki chaje ak kòripsyon.

Sa poko gen 5 lane depi yon fanm Okap ki ta p travay nan UNIBANK te vòlò yon pakèt lajan ke li retire sou kont yon kliyan, san kliyan sa pa t okouran de okenn manipilasyon ki t ap fèt nan bank la.

Nan sans sa a kijan de kesyon ou ta dwe poze pou jwen repons sou bagay DERMALOG la an Ayiti ?

-Èske tout Ayisyen ki fè kat idantikasyon yo, ONI pèmèt yo jwen kat yo deja ?

-Ki poblèm antrepriz ki prodwi kat nou genyen aktyèlan la bay bay ak gouvènman sa, nan kisa yon yon lòt sistèm ap nan avantaj yo ?

-Na ki moman yon gouvènman kapab panse ak yon chanjman rapid konsa ?

-ki group moun andedan gouvènman ki dwe tonbe dakò, san dezakò sou yon chanjman konsa ?

-kiyès moun ki gen misyon oubyen ki gen dwa pou fè kontra pou leta Ayiti nan peyi etranje ?

Lakayinfo pral ede ou reponn kesyon sa yon nan prochen piblikasyon li yo.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading