27 juillet 2024

LAPOLIS METE ANBA KÒD 7 TI VÒLÒ BÈF NAN MIBALÈ, LAPOLIS AP METE TOUT TI VÒLÒ ANBA KÒD EPI TERORIS ASASIN AP PENPENEN.

1 min read

LAPOLIS METE ANBA KÒD 7 VÒLÒ BÈF NAN MIBALÈ

Bravo lapolis pou kout kòd wap pase nan ponyèt mal sele sa yo, bravo ankò paske nou mare epi avili vòlò bèf sa yo.

LAKAYINFO

•eske enstitisyon lapolis la nan patipri ?

•Eske enstitisyon lapolis la gade ran sosyal yon moun avan yo mete yo anbakòd ?

•teroris yo asasinen JACQUES DUBOIS ak plizyè lòt moun men kase,pye kase,ak anpil blese nan yon konferans deba sou petrokaribe nan dat 28 Avril 2018 la nan café trio malgre lajistis okouran pou jis konya pagen oken arestasyon ki fèt. paske se chèf m,chèf paka arete chèf.

Kou se vòlò bèf, yo mare yo ak akrolit yo,avili yo epi kondane yo. Kou se nèg ki vole lajan petrokaribe,nèg ki zak teroris sou moun kap tande gaspiyaj sou petrokaribe; lajistis aji tankou koupab sa yo se KONKÒDAY,nan ka sa a,pèp la ka toujou viktim si pa gen yon ministè jistis ki deside tout bon frenen tout deriv sa yo nan aparèy lajistis la.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading