27 juillet 2024

Nan yon lèt tout louvri: JEAN Jacques Wilson(vye papa) voye bay komisè gouvènman vil Okap la, Ferney Charles St Juste

2 min read

Nan yon lèt tout louvri: JEAN Jacques Wilson(vye papa) voye bay komisè gouvènman vil Okap la, Ferney Charles St Juste

Kap Ayisyen, jodi 3me 2018

De: JEAN Jacques Wilson, (« vyepapa » sitwayen angaje nan batay pou byennèt ak dwa pèp Ayisyen an.)

O: komisè gouvènman Kap Ayisyen an, mouche Ferney Charles St Juste

Mouche komisè,

Map wete chapo mwen byen ba pou m’ salye ou, pandan map pwofite bat bwavo pou kokenn chenn travay wap fè nan aparèy jistis la, espesyalman, nan pakè Kap Ayisyen an, kote wap dirije a. Jodi a, mwen pwete zorèy, zye, ak bouch moun okap poum ekriw lèt tou louvri sa.

Konsa,mouche komisè, mwen pa yon konesè nan dwa, men,nan ti sa nou konnen yo, art:224 entriksyon kriminèl la di osnon zak ki makonnen ak asosiyasyon malfektè di: « toute association malfaiteurs envers les personnes où les propriétés est un crime contre la paix publique.  »

Nan sans sa, tankou tout lot sitwayen ki angaje nan batay byennèt pèp Ayisyen an, mwen pran devan poum mande ou pwese pwese, fè limyè tanpri sou gwo zak banditis ki pase jou ki te 28 avril la nan  » café trio okap la, kote moun yo pa idantifye rive voye gaz akrimojèn nan aktivite Ansyen prezidan Sena a Mouche Youri Latortue tap oganize sou dosye kap fè soufri tout pèp Ayisyen an ki se dosye lajan « petrokaribe a »

Nou konnen travay lajistis pa piti sitou lè li rantre mêle ak dosye politik, nou pa vle antisipe ni oryante travay wap fè a komisè, men nap mandew pou ankèt la fèt byen san patipri kote tout moun pye ak men kase yo epi mouche Jacques Dubois ki pèdi lavil jwenn jistis ak reparasyon.

Map fini poum di ou mouche komisè ,anpil moun okap swaf rezilta ankèt sa ,yo swaf arestasyon tout moun ki patisipe pré osnon lwen nan zak sa. Paske sila yo ki te andan café trio, jou a . Mwen tande vwa yo komisè. Genyen ki twomatize , kap viv ak estrès . Sèl mwayen pou yo tounen nan nomal yo, se lè ya tande ou mete anba kod otè dirèk ak endirèk yo komisè .

Nou konte sou entelijans ou komisè, sou travay wap fè a tanpri pa koute gwo potantan fè w kase fèy kouvri sa paske moun okap ap soufri anpil .

Mèsi

Siyen JEAN Jacques Wilson ( vyepapa)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading