15 mai 2024

PATI 2: PA PRAN NAN KOURAN MOUN KAP PRAN LAJAN NAN MEN MOUN KI RAYI NOU POU NOU AL GOUMEN KONT PITIT INIVÈSITE A KAP GOUMEN NAN ENTERÈ NOU

6 min read

PATI 2:

PA PRAN NAN KOURAN MOUN KAP PRAN LAJAN NAN MEN MOUN KI RAYI NOU POU NOU AL GOUMEN KONT PITIT INIVÈSITE A KAP GOUMEN NAN ENTERÈ NOU

UPNCH se pitit li kap dirijel aktyèlman, pa panse ke yon pitit te kapab rayi manmanl tèlman jis pou yo ta vle wè lanmò pou li. Sa ka rive nou pa konprann konba kap fèt la oubyen nou pa renmen stateji batay la paske gen yon pakèt bagay nou inyore nan sa kap fèt la ke yo menm yo metrize trè byen. Pitit inivèsite a nan yon gro batay ak plizyè kouch moun ki gen enterè yo yap defann, e depi lajan ap bay pou konbat ou nan yon peyi grangou, mizè e jenès la parese, pandan kew se jèn dirijan ew pa vle antre nan koripsyon, fòk ou gen grenn nan dèyèw pouw reziste e fòk moun ki avèw yo konn trè byen saw ap defann nan pou yo pa lagew nan rout.

*Nou pa janm poze tèt nou kesyon sou 12 Milyon goud ke leta te konn bay inivèsite a chak ane yo?*

Me yo bay komisyon an sèlman 3.4 milyon ladann, yo poko bay rès la, me tout bagay yo reyalize avèl. Yon pakèt bagay nou te konn ap mande ansyen dirijan yo, ki pat janm pitit inivèsite a, e ki te toujou ap di Inivèsite a pa gen lajan pou yo fè tout sa ki nan enterèl, se yo menm komisyon an reyalize nan yon ti kras tan nan inivèsite a.

_Kesyon poun poze tèt nou, kisa ansyen dirijan yo tap regle ak lajan sa ki fè menm pou deplase moun ki trè konpetan pou vin fè konferans nan Up a yo pat janm gen kòb, menm pou ankouraje etidyan kap fè gro nòt yo, yo pat janm gen kòb. Nèg sa yo te tèlman ap refize bèl projè ke etidyan mande yo finanse nan enterè inivèsite piblik la, nap jwenn gen profesè ki di ke nou te rayi ansyen dirijan yo konsa se paske yo te di anpil._

Reyalizasyon sa yo pitit inivèsite a gentan fè nan tèt inivèsite a kreye ènmi anplis kont yo

1- San yo pa bezwen di nou sa, aksyon yo poze ak mwens ke mwatye nan lajan ki te konn nan men ansyen dirijan yo, prouve ke nèg sa yo te nan yon kòripsyon ki wo anpil. Se te yon koripsyon kote tout moun ki kapab ede yo konsolide pouvwa jwenn ti moso pa yo nan 12 milyon goud ki konn bay la, ki vin koz pa gen anyen ki rete pou etidyan nan inivèsite a ta jwenn yon kichòy vre.

Metew nan plas ansyen dirijan yo, epi dim siw tap aksepte kwaze menw ap obsève aksyon ekip sila ap poze kap fè tout moun doute de saw tap regle ak lajan up a lèw te nan tèt li?

Se pa san rezon mezanmi nou vini ak diskou nou pap pa pran ajanten an, se wè nou wè sa ajanten fè nou pase, nou oblije pa ka fè okenn ajanten konfyans ankò. Nou ka konprann wap gade nan lòt gran peyi kote yon moun pa bezwen pase nan yon inivèsite poul dirijel men fòk nou konnen tou, nivo koripsyon pa bò isit pi wo ke lòt peyi yo e se sèl pitit yon inivèsite kap gen pitye poul pa nan bay nèg pòtoprens lajan inivèsite a pou konsolide pouvwa yo paske li pral toujou santi ke se tèt li lap sakrifye.

2- Tout moun ki te konn benefisye de lajan oubyen franchiz anndan inivèsite a sou ansyen rejim nan kont komisyon an paske yo remake ke sous la koupe e yo remake ke pitit inivèsite a pa kanpe sou negosye anyen kont etidyan yo. Nou pa inyore ke an ayiti gen anpil pòs se achte yon moun oblije achte yo epi konsolide pòs la nan fè koripsyon pou nèg ki nan pi gro pòs nan leta a. UPNCH te trouvel nan yon eta parèy e nouvo dirijan sa yo, se pa mete yo te mete yo vrèman se militans etidyan Upnch ki vin fè yo chèf ki donk yo pa genyen okenn redevans a nèg pòtoprens pou pouvwa a, men sa pat anpeche yo mande ti pati pa yo nan bidjè ya, yon fason pou yo te bay komisyon an garanti ke yap la pou lontan _(Pa egzanp nan fakilte de dwa okap la dwayen an se yon dwayen ai, ki vle di se yon dwayen ministè a te mete alatandan li rekrite yon lòt, m kwè kel gen plis pase 10 zan la)._

Sa pou nou konprann, sè ke komisyon an te ka fè syèk la tou, si e sèlman si yo te aksepte mache nan logik koripsyon nèg yo enplante nan sistèm nan o detriman de nou menm etidyan.

Eseye mete nou nan plas ansyen benefisyè lajan inivèsite a, ki gen gro pòs anndan leta a, eske nou tap aksepte pou ti mesye yo vini la pandan yo pa vle negosye anyen avèk nou?

3- Nèg kap resevwa lajan nan men opozisyon an pi cho devan bann nan, nou kapab konstate ke zak ki pi malonèt yo, pou fè dirijan inivèsite a depanse lajan yo, se nèg sa yo ki fè yo, pa egzanp vide dlo nan jeneratè inivèsite a, nou panse si se enterè etidyan yo tap defann yo ta pral fè yon bagay konsa?

*Anpil nan nèg sa yo nan plizyè inivèsite, genyen tou ki pa nan okenn inivèsite tou ki donk enterè yo mwens menase ke ou menm ki nan UPNCH sèlman, si inivèsite a fèmen anyen pap soti sou yo, se ti lajan yo yap jere e yo panse ke si ekip yo a pran pouvwa anndan up a, yo pral kontinye fè lajan toujou. Ki donk nèg sa yo, chak bèl aksyon ke komisyon an poze, se yon kout kouto yo pran. Li te gen yon ekip nèg ki te antre kraze bagay anndan twalèt up a, li posib ke se te yo.*

*-Yo gen problèm ak manje ke komisyon an ap bay etidyan chak jou, yo tap plis kontan si etidyan te kontinye al manje nan pousyè deyò a*

*-yo gen problèm ak enfimeri a paske yo tap kontan pou yon etidyan te mouri anndan espas la paske pa gen enfimeri pou bay yo yon premye swen*

*-yo gen problèm ak bis yo paske yo tap santi yo pi byen lè etidyan ap ret tann roulib, mache plizyè kilomèt rout pou vini nan up a epi rive toujou an reta nan kou yo.*

*Genyen toujou men nou pa vle trò long.*

Sa pou nou konprann nèg sa yo se yon dal ti grangou, yo enkonpetan, yo konnen ke yo pap janm ka nan nivo VIXAMAR, e yo pa gen kapasite pou yo reflechi vre pou yo ka fè lajan, se janw wè yap fè a kap toujou ka ba yo ti lajan pou yo pa mouri grangou ki donk se lajan yo yap defann, e pou yo defann li fòk yo kanpe kont komisyon an paske yo konnen ke lajan ap soti toupatou pou finanse opozisyon an dayè enterè anpil gro bwa menase a koz de prezans komisyon an nan tèt up a.

Kounya metew nan plas nèg sa yo, wa dim ki reyaksyonw tap genyen

Sou okenn fòm mezanmi, pa okipe nèg kap motive nou poun kraze oubyen kanpe inivèsite a. Mwen pa inyore ke gen anpil nan nou ki jis ap swiv gro kouran men ki se inosan, podyab nou inyore reyalite sa nou antre ladann nan, nou kite nèg kap fè pil lajan yo sou nou ap kòmandite nou. Se vre etidyan yo kap sipòte komisyon an ka reyaji yon fason ki mal, men sa pa vle di tou ke nou dwe kanpe kont komisyon an apre tout goumen yap fè ak nèg pòtoprens nan enterè nou. Nou dwe trouve yon antant epi ansanm pou inivèsite a kontinye fè chemenl ak trankilite.

*Mwen konseye tout etidyan desann nan inivèsite a, al swiv kou nou nòmalman. Pa okipe sanzave kap mande nou poun al pran lari kont moun kap goumen pou nou, mwen di nou sa deja se lajan nèg sa yo ap defann o detriman de nou menm etidyan UPNCH.*

VIV KOMISYON JESYON UPNCH LA

VIV BON JAN JESYON SAN KORIPSYON NAN TOUT RAK KWEN PEYI A

*Je 👀ak Zòrèy👂🏽 jenès la*

*Etidyan UPNCH*

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading