16 mai 2024

Sa gen kèk minit depi mwen gen yon zanmi mwen ki yon bon milat nan vil okap ki voye foto sa pou mwen…

2 min read

Sa gen kèk minit depi mwen gen yon zanmi mwen ki yon bon milat nan vil okap ki voye foto sa pou mwen…

Mwen pran yon bon ti tan map gade foto a mwen pa janm ka rive konpran, mwen fè tout kalte refleksyon mwen menm te panse lite tretem de eklav nan fason mwen dekri foto a.

Mwen relel mwen dil: zanmi’m eske ou ka eksplikem foto ou oze voye pou an (mwen di sa nan yon ron trè vekse) li pran yon ti tan, epi se souf li mwen tande monte desan byen fò kèm komanse touchem malgrem pa pre ‘l,mwen di’l brother kisa ou genyen (nan yon ton byen tris) li dim: Mwen santim etrange nan pròp peyi’m,anpil moun ap gadem sou koulè po’m ak chevem yo panse sitiyasyon mwen pa menm jan ak yo,pou mwen tap renmen desan nan lari a manifeste menm jan ak yo. Mwen lòt zanmi ki gen ti biznis nou tap byen renmen pami pep la, fanmi ak edikasyon pap janm ka fèm pa ayisyen men si nou paret group moun ki panse nou pa pèp ka fè nou mechanste,e menm panse nou nou de trèt,paske’m paran nou tou 2 te esklav paran nou tou 2 se sou tè sa yo fè nou nou kondane pou nou ret soude jiskaske Ayiti pa Ayiti ankò.

Epi li rakroche☎️☎️☎️

Mwen te tou swit apre plonge nan nanm mwen mwen gade tèt mwen nan glas e mwen wè nou tout se menm,diferans lan se nan tèt nou li ye men natirelman pagen anyen ki change, nou se menm ras menm klas. #Politisyen, #lekòl, #legliz,ak #edikasyon_familyal ki divize nou.

Robelto Flanky BLAISE.’.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading