Si pat gen KOUDETA 2004 – nou pa tap anreta jodia.-
2 min readPar YVES CHRISTALIN
BILAN PASYEL LAVALAS
Bidjè peyi a pou ekzèsis fiskal:
2001-2002:11 milya goud; 2002-2003 : 13 milya; 2003-2004 : 16 milya , lèn adisyone Bidjè 3 lane sa yo li bay: 40 milya.
Ak 40 milya goud sa a Prezidan an, Dr Aristide travay nan anpil domèn tankou: nan Edikasyon : Li konstwi 236 lise, 298 lekòl nasyonal.
Mete sou sa, li pèmèt paran timoun lekòl yo benefisye sibvansyon 50%, 60% 70% pandan 3 zan sila yo, 2001 a 2004 nan zafè acha liv ak lòt materyèl lekòl… Si yo pat kidnape l’, liv pou tout timoun lekol tap gratis.
Sonje pandan tout peryòd sa a, lekòl primè ak tanspò élèv te gratis. San bliye, posibilite, ki te bay ak tout moun, ki pat konn li ,ni ekri pou al nan Lekòl Alfa.
Nan La Sante:
Dr Prezidan Aristide fè konstwi:103 Sant Sante, 201 Dispansè ak yon Lopital Inivèsitè « lopital Lapè ».
Mete sou sa, Li develope Koperasyon ak Peyi Cuba, ki pemèt 1094 diplome nan domèn la sante jis nan lane 2016.
Nan Domèn logman ( kay pou pep la) : Lavalas konstwi : Vilaj Renesans, ONA Vil, Lasalin, Vilaj Monfleri, Building 2004, sann pa bliye Konstriksyon 52 plas piblik nan divès rejyon nan Peyi.
Nan sa ki gen awè ak enèji:
Gonayiv, Jeremi, Jakmèl ak Okay te gen kouran 24 sou 24. Pòtoprens te gen 18 tèdtan sou 24. Kap-Ayisyen se te 16 zèd tan sou 24.
An founi jè gade Bidjè tet kale premye vésyon:
2011-2012: 96 milya 239 milyon 926 mil 083 goud ;
2012-2013: 131 milya 543 milyon 490 mil 809 goud;
2013-2014: 118 milya 680 milyon 548 mil 947 goud
2014-2015 :122 milya 649 milyon 683 mil 349 goud ;
2015-2016: 122 milya 679 milyon 830 mil 892 goud –
Lèw adisyone l’ sa bay 591 milya 793 mil 479 mil 990 goud . Lè nou divize Kòb sa a PHTK gagote pa 40 milya goud bidjè pouvwa lavalas la , li fe 14 fwa plis.
Kidonk reflechi byen, si pat gen koudeta – eske problem: Lekòl, Santé, Kay, pou Pèp la, Degradasyon san fren Anvironman an ak Wout yo, Blak-out, la Vi Chè, Chomaj ak Salè Minimum la pa tap preske fin rezoud jounen jodia.
YO PITO GAGOTE LAJAN PEP LA OLYE YO SEVI PEP LA AK PEYI A.
SI PAT GEN KOUDETA 29 FEVRYE 2004, KONPRAN, KI KOTE NOU TAP YE, JODIA.
Thank you for your sharing. I am worried that I lack creative ideas. It is your article that makes me full of hope. Thank you. But, I have a question, can you help me?