André Michel lanse yon apèl ijan pou inite nasyonal ant siyatè Akò 3 Avril ak tout lòt fòs viv nan sosyete a, pandan li rejte tout fòm dyalòg ak gang ak deklare pa gen pyès amnisti pou gang teworis yo
2 min de lecture
Pòtoprens – Reprezantan akò 21 desanm/ SDP André Michel fè yon deklarasyon enpòtan sou kont Twitter li kote li lanse apèl bay tout siyatè Akò 3 Avril yo ansanm ak lòt sektè nan peyi a pou mete tèt yo ansanm pou chache yon solisyon politik ki solid e ki kapab mete peyi a sou wout chanjman.
Nan mesaj li a, li mete aksan sou nesesite pou gen inite ant divès gwoup politik ak sektè sosyal. “Moman an rive pou siyatè akò 3 Avril yo mete ansanm ak tout lòt sektè nan peyi a pou chache yon solisyon politik ki kapab mache,” se sa li ekri.
Li fè konnen tou ke Akò 21 Desanm lan, ke li se youn nan reprezantan li, ouvè pou kolabore ak tout lòt gwoup ki vle chache bon jan solisyon pou kriz la. “Nan sans sa a, Akò 21 Desanm vle travay ak tout lòt gwoup nan peyi a,” li ajoute.
Men li mete limit klè sou kiyès ki ka patisipe nan pwosesis la: “Pozisyon nou klè! Nou pa nan dyalòg ak gang! Pa gen amnisti pou gang teworis.” Deklarasyon sa a montre pozisyon fèm li sou kesyon ensekirite ak gang yo ki mete peyi a anba kriz depi plizyè lane.
Deklarasyon sa a vini nan yon moman kote anpil sektè ap rele pou mete tèt ansanm pou jwenn yon sòti nan kriz politik ak sosyal peyi a ap viv. Rete pou n wè ki repons lòt aktè yo ap bay apèl sa a, e si tout fòs ap rive mete ansanm pou delivre pèp ayisyen an anba soufrans.
1 réflexion sur “André Michel lanse yon apèl ijan pou inite nasyonal ant siyatè Akò 3 Avril ak tout lòt fòs viv nan sosyete a, pandan li rejte tout fòm dyalòg ak gang ak deklare pa gen pyès amnisti pou gang teworis yo”