16 mai 2024

Bagay gang pouvwa sa mete nan tout rekwen nan peyi a pral fè rekonèt Ayiti yon lòt fwa ankò kòm premye peyi Nan karayib la Teworis pral fè baz li.

2 min read

Bagay gang pouvwa sa mete nan tout rekwen nan peyi a pral fè rekonèt Ayiti yon lòt fwa ankò kòm premye peyi Nan karayib la Teworis pral fè baz li.

Gen yon vwazen ki panse se nan trou lap mete Ayiti pi plis, ebyen mwen di vwazen sa a fouye pròp trou l. Si nou pran yon ti egzanp la nan peyi Mexique, nan koperasyon Etazini kont nakotrafikan dwòg yo; te pèmèt yon pakèt zam ilegal te rantre nan peyi Mexique, kote chak zam sa yo te gen yon pis elektwonik pou te pèmèt ajan yo te trase nakotrafikan yo, malerezman zam yo rantre gang ak gang ap mouri, sivil ap mouri, nakotrafikan ap mouri jiskaske yo paka retrase zam sa yo ankò. Mwen kite chapit sa…

Pèp Ayisyen rive nan yon kafou kote yo pa konnen ki bondyen, ki sen ak ki djab pou yo rele pou soti kote yo ye la. Peyi a vinn telman di Djab pa bay pwen lajan ankò ki donk menm djab la nan difikilte pou rale lajan moun kap bwase Biznis nan lari a pou bay moun ki vinn pran gaj lakay li.

Konya kesyon nap poze eske blan meriken rive metrize zafè teworis nan mond la ?

Eske gang etatik la ki tabli kòl an Ayiti la pèmèt Etazini fè plis lajan nan van ?

Eske nan 5 an ankò, lè pouvwa Jovenel sa fin tabli gang ak zam nan tout peyi a, lè yo komanse kidnapper Ayisyen kòm etranje nan peyi a pou ap mande gwo lajan eske blan yo pa pral deside lage bonm tou patou nan peyi pou di Ayiti gen teworis kote inosan pral peye pou koupab ?

Malgre blan yo wè gen yon delege ki lage bonm lakrimojèn nan yon espas piblik moun mouri; yo pa di anyen, yo bat bwavo. Blan yo wè yo konnen kiyès ki papa gang yo, blan yo pa di anyen, moun ap kwit moun, boukanen moun pou manje blan yo se ri y ap ri.

Eske blan yo ap tann se lè prezidan an pran zam li poul mache fiziye moun sou poto pou yo pran yon dezisyon ?

Nan kèk jou kap vini la, anpil moun pral komanse pran bato pou jete yo lotbò dlo. Pagen peyi ki vle resevwa pèp sa lakay yo ankò menm kòm esklav nan travay latè ak pele leve beton, di pèp la sa nou deside fè avel mesye blan yo.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading