27 juillet 2024

IJANS: GWO MALÈ LA ANDYE SOU TÈT AYITI NAN MOMAN NAP PALE LA SOU KESYON TERORIS.

2 min read

IJANS: GWO MALÈ LA ANDYE SOU TÈT AYITI NAN MOMAN NAP PALE LA SOU KESYON TERORIS.

Plizyè peyi ki gen anbasab yo nan AYITI ap pran kèk mezi ak konptman pou resòtisan yo pran pa bò isit swit ak ATAK TERORIS café trio a jou kite 28 Avril 2018, jounen moun kite nan espas la epi fanmi Jacques DUBOIS pap janm bliye, ATAK TERORIS sa a kite planifye pa Délégué okap la Jules Antonio, selon audio ak anpil lòt prèv ankò

Sekirite lavi ken lòt nasyon kap viv an Ayiti pou koumye a pa asire Paske a nenpòt kilè nan nenpòt moman TERORIS yo ka al lague bonb,grenad, oubyen gaz lakrimojèn nan restoran Otèl elatriye.

Silans pouvwa a fè sispèk anpil daprè entènasyonal la, e yo menm panse Ayiti ka vin yon pòt pasaj kote gwo TERORIS ka soti nan lòt peyi vin fè baz yo epi vini nenpòt kilè ou vin fè atak TERORIS sou resòtisan kèk gwo peyi sou latè kap viv an AYITI.

Sitiyasyon sa tou simen anpil laperèz lakay anpil sitwaye pezib kap viv nan peyi a , e gen yo tou ki komanse fè valiz yo pou mete deyò.

Pa pi lwen ke sa nan lane 2000 pou rive 2003 anpil proch pouvwa LAVALAS la, ak kèk moun kite andedan pouvwa a tap fè eksè ak pouvwa ke yo genyen pou asasinen moun epi simen laterè nan tout peyi pou te montre Jean Bertrand ARISTIDE ke yo avèl e yap edel gere pouvwa bagay kite fini mal pou Titid, podyab ki te ka pat menm okouran kèk moun nan pouvwa li tap fè. Ebyen,menm bagay sa ap reprodwi ankò ak yon pouvwa Jovenel MOÏSE la kap mete baboukèt nan bouch tout moun kap kale ge pèp la sou gaspiyaj,vòl ak manti.

Ayiti two piti pou TERORIS komanse grandi ladanl, nan ka sa lavi pèson pap epanye anba men Kriminèl TERORIS sa yo, si jounen jodia gouvenman an ak tout aparey jistis la vle touye ge yo sou zak TERORIS ki tanmen nan peyi a sak vle fouye tou mete tèt yo dwe komanse fèl.

BLAISE Robelto Flanky . ‘ .

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading