27 juillet 2024

Mezanmi mwen tande anpil ekspè ap pale de dosye arestasyon Delege depatmantal Nò a kom kwa selon atik 90 kòd penal la li se yon gro fonksyonè leta e Jij la ta bezwen otorizasyon Prezidan pou yo arete l: Dr Kely c. BASTIEN

1 min read

Mezanmi mwen tande anpil ekspè ap pale de dosye arestasyon Delege depatmantal Nò a kom kwa selon atik 90 kòd penal la li se yon gro fonksyonè leta e Jij la ta bezwen otorizasyon Prezidan pou yo arete l.

Men èske nou ka dim tanpri ki atik nan konstitisyon an ou byen nan lwa sou fonksyon piblik ki mete Delege depatmantal nan ran gran fonksyonè leta.

Mwen pa mande pèsonn entèprete lwa pou mwen paske sa se responsabilite pouvwa lejislatif la.

Pa mande menm pou entèpretasyon konstitisyon an.

Kòd penal sa ekri avan menm konstisyon sa te vini ak yon lot kategori fonksyonè leta ak kolektivite teritoryal.

Mwen pa konn si Prefè yo te gran fonksyonè. Mwen pa kwe nou pral dim Delege egal Prefè? Paske kòd penal se entepretasyon strik menm jan ak konstitisyon an.

Banm yon ti limyè souple!!! Banm yon referans pou mwen ka al gade!!!

Mèsi anpil!

Si ou pa mande ou pap ka konnen!!!

Kely C.Bastien

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading