27 juillet 2024

NÒT POU LAPRÈS KÒDINASYON AAA NÒ Depi 25 dawou 2018 ,batay petrochallenger yo pou mande KOT KÒB PETROKARIBE A ? te komanse nan depatman Nò ak plizyè jen fanm ak jen gason san distenksyon. Nan tout manifestasyon yo, militanak dirijan:

2 min read

NÒT POU LAPRÈS

KÒDINASYON AAA NÒ

Depi 25 dawou 2018 batay petrochallenger yo pou mande KOT KÒB PETROKARIBE A ? te komanse nan depatman Nò ak plizyè jen fanm ak jen gason san distenksyon. Nan tout manifestasyon yo, militan ak dirijan:

1)Ayiti An Aksyon

2)Pitit Desalin)

toujou patisipe nan tout planifikasyon pou manifestasyon sa yo reyisi.

Chak jou ki pase; pi plis pèp la ap mande jistis se pi plis Jovenel Moïse ap toupizi pèp la.

Depi 7 fevriye batay petrokaribe a pran yon dezyèm faz, se san pèp la kap koule chak jou. Olye pou Jovenel Moïse panche sou prosè PETROKARIBE A; li fè madanm li Martine Moïse, ogmante kòlè pèp la ak dosye DERMALOG la. Pa gen gaz, kès leta vid, manje ak lajan ameriken kap monte mòn, pèp Ayisyen about, tout moun pran lari.

Nan lannwit 12 fevriye kòdinasyon depatmantal Nò (AAA) rekòmande senatè Youri LATORTUE depi demen 13 fevriye a pou li pran lari a ak pèp la nenpòt kote li trouvel sou tèritwa nasyonal la. Nou pap dakò pou senatè Youri LATORTUE, Moïse Jean Charles ak André Michel rete chita lakay yo, epi pèp la tounen zwazo nan dezè pou lapolis ak bandi PHTK yo fè nou ap fè nou kontinye konte kadav tout jounen nan manifestasyon, pou paske pèp la ap pleyen mizè li epi mande pou Jovenel Moïse demisyon depi anviwon 7 jou.

Nan sitiyasyon nasyon an ap travèse la a, si senatè Youri LATORTUE pa mete pyel deyò nenpòt kote li ye sou tèritwa nasyonal la pou pran lari ak pèp la; ebyen se kadav nou pral kontiy konte nan tout kwen nan peyi a.

Moun ki siyen nòt sa a se:

Wesly BORGELLA kòdonatè

Hilaire ISMENORD vis kòdonatè

Robelto Flanky BLAISE pòt pawòl

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading