27 juillet 2024

Onè Respè pou Pwofesè Lesly MANIGAT, you’n nan pi gwo patriyòt peyi dayiti bay. –

3 min read

16 Dawou 1930- 16 Dawou 2019 – Sa fè 89 lane depi yon gwo potorik gason, Lesly Saint Rock François MANIGAT, te fèt sou tè Peyi Dayiti. Jodi a, Nan non tout Ayisyen ki kwè nan konpetans, nan non tout Ayisyen ki kwè nan Souverènte Nasyonal, nan tout Ayisyen ki kwè nan Peyi Dayiti, Nan non tout moun ki kwè Peyi Dayiti Dwe Chanje, Nan non tout patriyòt Ayisyen, Mwen retire Chapo nan Tèt Mwen pou m’ salye memwa Pwofesè Lesly MANIGAT.

Lesly MANIGAT se te yon patriyòt, se te yon lidè Politik ki te gen volonte pou l’ chanje kondisyon lavi pèp Ayisyen men yo pat ba li chans sa a.

Lesly MANIGAT se pat yon ti lidè Politik sou pwèl. Lesly MANIGAT se pat yon lidè Politik sèvèl pou l’ . Li te Gen vizyon. Li te Gen pwojè. Li te Gen kouraj ak konpetans pou li defann diyite Peyi a. Men Malerezman, ti politisyen Tèt chat, san konpetans, nan peyi dayiti te mete ansanm ak Etranje pou konbat li menm jan yo te konbat Anténor Firmin, menm jan yo te konbat Jacques Roumain ak anpil lòt patriyòt ki te vle chanje Peyi a . *Voilà ! C’est l’éternel complot contre l’intelligence.*

Nan okazyon 89 ème anivèsè Nesans Pwofesè Lesly MANIGAT, Mwen envite Jènn gason ak jènn Fanm nan peyi Dayiti pou yo chwazi Pwofesè Lesly MANIGAT kòm Modèl. Pwofesè MANIGAT te toujou di pou yon moun dirije yon Peyi fòk ou gen konpetans, fòk ou renmen Peyi w , fok ou Gen kouraj. Pwofesè a te toujou renmen di koze dirije Peyi se pa koze Ti Politisyen Tèt chat ki pa Gen vizyon ak konpetans.

Nan Sitiyasyon Malouk peyi a trouve li Jodi a Mwen kwè pawòl Pwofesè MANIGAT yo dwe gide Nou sou chimen batay Politik la. *Un ignorant ne ne peut pas résoudre les problèmes complexes de Gouvernement d’un Pays*, dixit le Professeur Lesly MANIGAT. Erezman jodia pèp la Voye Pitit li Lekòl. Erezman Jodi a Ti Machann yo Voye Pitit yo Lekòl. Erezman Jodi a Pitit peyizan ale Lekòl. Sa vle di Pitit pèp la Gen konpetans pou akonpaye pèp la nan batay pou chanje kondisyon lavi li.

Nan non profesè MANIGAT Map tou profite salye Timoun site Solèy paske ane sa a nan egzamen 9 ème ane fondamantal Gen 93 % Pitit pèp la nan site Solèy ki reyisi.

Sa vle di Pitit pèp la nan Site Solèy ap prepare pou vinn pran plas li nan peyi a.

Bravo pou Timoun site Solèy yo ak tout lòt Pitit pèp la kap kontinye ale Lekòl nan kondisyon difisil.

Jodi a nan yon moman Kote Pa Gen travay nan Peyi a , nan yon moman Kote ensekirite ap taye banda, nan yon moman Kote etranje ap pase diyite Peyi a anba pye , nan yon moman Kote koripsyon ap vale teren, Nou bezwen lespri Pwofesè MANIGAT pou ede nou wè kote pou nou mete pye nou pou mennen batay pou chanje kondisyon lavi pèp la .

Mwen kwè si Prezidan MANIGAT pat pran koudeta peyi a tap lwen Jodi a.

*On aurait réussi la transition démocratique ! Le président MANIGAT aurait changé le cours de l’histoire. Le pays aurait été initié à la pédagogie de la Compétence au Pouvoir, aurait écrit le Professeur MANIGAT*.

Malheureusement, encore une fois, les ennemis permanents du changement s’étaient ligués contre les intérêts du pays .

Et, encore une fois, pour le malheur du Pays et pour le plus grand bien du Système générateur de misère et de sous développement, les Anti-Nationaux avaient eu raison de la bonne volonté des patriotes.

Mwen toujou regrèt Mwen pat Gen chans fè Politik bò Kote Pwofesè Lesly MANIGAT.

Mwen Swete Lespri Pwofesè MANIGAT akonpaye Pèp Ayisyen an nan batay lap mennen Jodi a pou li kapab rive chanje kondisyon lavi li .

Onè Respè Pwofesè Lesly MANIGAT !! André Michel, Avocat au Barreau de Port-au-Prince.

Me André Michel

LAKAY-INFO

13 thoughts on “Onè Respè pou Pwofesè Lesly MANIGAT, you’n nan pi gwo patriyòt peyi dayiti bay. –

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading