15 mai 2024

Pa janm sispann goumen pou saw kwè, sitou saw konnen ki pou byennèt ak avni peyiw. Tout moun se moun e menm si ou wè se ta 2 jimo ou jimèl yo pap janm gen menm anprent. Ou ka toujou sanble ak yon moun, mache ak yon moun, danse kanaval rara ak yon moun pavle di ou wè bagay yo menm jan ak li, se sa menm ki fè moun, moun.

4 min read

« PETROKARIBE , YON DOSYE MANYETIK KE CHAK KÒ OU ELEMAN YO; MERITE ANALIZE YON APRE LÒT— YON DOSYE ASWIV.”

*PETROKARIBE=KRIM=POUVWA*

Ayiti rive nan enpas kote pagen ken sektè ki konnen ki chimen yo dwe pran pou yon ale mye pou peyia.

Dosye PETROKARIBE A, se yon dosye ki frajil anpil anpil pou moun ki sou pouvwa sa, ak moun ki bezwen pouvwa sa. Tou 2 kan sa yo nan tire kòd pou wè sakap vide lòt atè avan.

Moun ki toujou viktim yo se ti pèp anba nan site a kap mal manje ,mal domi, e ki mal edike ; ki pa benefisye anyen nan lajan Petrokaribe sa, kap fè viktim chak jou anba men yon pouvwa kriminèl sa a, kap asasinen moun gran jounen, epi simen laperèz pou lòt moun pa pale de kòb sa. Moun ki bezwen pouvwa yo menm, benefisye de tout krim epik laprezidans ap fè sou moun kap revandike yo, ki pral brote tout senpati tout moun ki sanble yo,e kapote prezidan kriminèl sa.

— *KOT KÒB PETROKARIBE A ?nou mande JISTIS,* sete revandikasyon nou menm *PETROCHALLENGER* YO.

Traktasyon a gòch adwat sèl paske yon group moun deside tout bon, pou pa pran nan presyon ni fè bak chak fwa moman an rive pou motive moun epi pile beton an pou mande *KOT KÒB PETROKARIBE A ?* Depi ane 90 se premye evenman ki mete tout kantite Ayisyen sa yo deyò,sitou ak tout peri pesi yo pase nan kouri monte, kouri desann nan lari, epi anyen pa janm chanje ni nan vi yo ni nan peyi a—jèn sa yo ki pran lari nan nom *PETROCHALLENGER* te vle mennen yon mouvman ki pou te ekskli tout ansyen rat 🐀 do kale nan politik peyi a deyò O politisyen pa ladan’l. Yon ti group moun nan Potoprens se N°#1 nan roulibè 11 Novanm ki pral inogire yon mouvman ou yon pati politik sou nom: *AYITI NOU VLE A*, sou pretèks tout moun ki pran lari oubyen moun sou rezo sosyal yo kap mande *KOT KÒB PETROKARIBE A*, sonje byen : se menm ti group sa —AYITI NOUVLE A, kite di mouvman an pagen mèt. Menm bagay la pral pase ankò nan GONAYIV, *LAURENT LAMOTHE* peye 9 jen gason pou enfiltre mach kap mande menm kòb Petrokaribe a pou atake senatè pou mande *Youri LATORTUE* kot Kòb petrokaribe a ? sètalò Senatè a met gason’l nan tay li , li pran lari j jan ak tout sitwayen pou mande *KOT KÒB PETROKARIBE A ?* nan Nò *PEYIYAN* se la ki montre Jovenel MOÏSE, pèdi tout lejitimitel etan Prezidan.

Apre mach 17 Oktòb la lè *PETROCHALLENGER NÒ* yo te finn souke kòlèt Delege JULES ANTONIO kite bay moun Okap defi pou pat soti nan lari jou sa a. Se menm JULES ANTONIO sa ke prezidan Jovenel MOÏSE te fèl komanse ak zak asasinay sou pèp la depi depi 28 Avril nan CAFÉ TRIO apre lanmò Jacques DUBOIS ki ran tout volim eskadwon lamò sa pou KÒB PETROKARIBE A.

*MOÏSE JEAN CHARLES* tou li menm ki pa egare li pa vle tren PETROKARIBE A ale kitel saw tande a poul souflete Jovenel 10 Oktòb gen yon timoun 16 lane lwa papa Desalin monte nan tèt li, li rape yon drapo 🔴⚫️ li rive kroke nan prent ma drapo a, MOY di se li ki mote drapo a(Moy paka grenpe yon miray alewè yon ma drapo).

Onè ak merit pou:

*-Jean-Charles MOÏSE *

*-Youri LATORTUE*

*-André MICHEL*

*-Evalière BEAUPLAN*

Kite angaje yo politikman,jiridikman ak akademikman yo te fè, pou pèp Ayisyen te pran konesans ak dosye *PETROKARIBE* sa, ki revòlte plis pase 93 % moun ki gen konpran andedan ak deyò peyi a.

Kiyès ki pral benefisye dosye sa PETROKARIBE sa menm ?

Yon repons chak moun ka repon li nan fason ke yon panse oubyen ki nan enterè pa yo.

Pa janm bliye sa pawòl sa depi jodia nan mouvman sa gen 2 mo pou nou pa janm bliye:

*1-PETROCHALLENGER*

*2-PETROROULIBÈ*

Li rete a ou menm pou konnen kiyès ki kiyès.

Pa janm sispann goumen pou saw kwè, sitou saw konnen ki pou byennèt ak avni peyiw. Tout moun se moun e menm si ou wè se ta 2 jimo ou jimèl yo pap janm gen menm anprent. Ou ka toujou sanble ak yon moun, mache ak yon moun, danse kanaval rara ak yon moun pavle di ou wè bagay yo menm jan ak li, se sa menm ki fè moun, moun.

Tout bò yo manyen li sifi sèlman pou konnen ki bò ki atirew.

*KOT KÒB PETROKARIBE A ?*

-Petrochallenger yo poko janm jwen repons sitou sa yo ki Okap yo.

*NOU MANDE JISTIS !*

Nou pat mande pou ale,nou tap mande jistis, olye yo bay nou jistis , se enjistis yap fè sou nou. Vyolans la telman rive lwen,li rive nan yon pwen kote li paka fè ni bak ni kanpe. Kòm pagen chwa kisaw dwe fè ?

BLAISE ROBELTO FLANKY

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading