15 mai 2024

*GEN MASAK PASE MASAK / GEN KRIMINÈL PASE KRIMINÈL / GEN ASASEN PASE ASASEN* _•7 janvye 1991 nan Potoprens 75 moun mouri 150 blese._ _•17 janvye 1991 Gervais nan latibonit 12 peyizan mouri 8 disparèt 20 blese 494 kay boule._ _•30 sektanm 1991 lamanten 54 pandan 2 semèn gen plis pase 3o moun ki mouri._

1 min read

*GEN MASAK PASE MASAK / GEN KRIMINÈL PASE KRIMINÈL / GEN ASASEN PASE ASASEN*

_•7 janvye 1991 nan Potoprens 75 moun mouri 150 blese._

_•17 janvye 1991 Gervais nan latibonit 12 peyizan mouri 8 disparèt 20 blese 494 kay boule._

_•30 sektanm 1991 lamanten 54 pandan 2 semèn gen plis pase 3o moun ki mouri._

_•2 Oktòb 1991 nan Gonayiv 7 mounri pami yo yon timoun pandan yon manif._

_•27 Desanm 1993, yo touye 37 moun ak 26 moun yo disparèt PRAPH yo boule ankò plis pase mil (1000) kay._

_•2-3 fevriye 1994 nan masak kafou vensan yo touye 7 moun._

_•Masak Raboto nan Gonayiv PRAPH yo touye 14 moun._

_•lannwit 27 pou ouvri 28 Mai 1999 Lapolis (PNH) touye 11 moun nan kafou fèy._

_•11 Fevriye 2004 masak lasiri yo touye 27 moun._

_•29 Fevriye 2004 yo touye 4 moun aprè Aristide fin ale_

_•17 Oktòb- 22 Novanm 28 yo touye 117 moun 28 moun disparèt 473 blese 334 Prizonye politik_

_•Masak Lasalin yo touye 88 moun nan lanwit 13pou leve 14 Novanm 2018_

Bondye papa tande kri Pèp la, kisa nou fè nap peye?

Depi 212 ane aprè lanmò papa Desalin, nap manje kaka,dòmi nan labou yo pa menm kite yon ti bout tè pou nou plante yon patat pou nou sove grangou nou. Moun ki sanble nou se yo ki toujou dirije nou; men se avèk menm dirijan sa menm yo sèvi pou asasinen nou.

Papa bondye, eske se yon kama ke pitit pèp sa ap peye ?

*BFR*

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading