15 mai 2024

PETROCHALLENGERS NÒ Okap Ayisyen, jou ki 22 fevriye 2019 la Nòt pou otorite yo, laprès ak kominote a

1 min read

#PETROCHALLENGERS NÒ

Okap Ayisyen, jou ki 22 fevriye 2019 la

Nòt pou otorite yo, laprès ak kominote a

Nou menm PetroCHALLENGERS nan nò, n’ap pwofite okazyon sa pou nou salye laprès epi anonse popilasyon an ke nou pa rekonèt ni bay manda ak sitwayen ki rele Carlo Joseph la pou reprezante nou nan okenn komisyon prezidansyèl pou keksyon dyalog entè-Ayisyen.

Nou menm petroCHALLALLENGERS nan nò peyi a nou pran tout distans ak komisyon sila e tout aksyon Carlo JOSEPH pa angaje nou. Nou rete kole ak konviksyon nou antanke jèn pou nou kontinye denonse Move jesyon gwo palto nan leta epi egzije bon jan limyè fèt sou zak vòlò ak piyaj nan Trezò piblik la, nou kondane tout divèsyon, iresponsabilite ak pasivite Otorite nan gouvènman ak lajistis nan avansman pwosè Petrokaribe a.

Okenn vrè PetroChallenger pap al tete lang ak okenn Kowonpi ke rapò CSC-CA a di ki te patisipe nan vòlò 4.2 milya dola ameriken kòb Petrokaribe a. N’ap rete koyeran ! Se kòb la oubyen kòd la !

• TILIAS Bendgy

• VREUS Micardo

• BLAISE Robelto Flanky

• DERISMA Smith

• JONCKA Evens

• SAINT-HILAIRE Clara

• CHARLES Pitelly

• DOL Jacob

• SAINTIL Louinel

• MONCHER Osno

• GEORGES Karlyn

• JEAN Roudy

Viv Ayiti, #kotPwosèPetrokaribeA ?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading