15 mai 2024

Blan bay Jovenel bèl dan, jis kaske yo rapatriye tout moun pa yo kite te an Ayiti avan menm yo mete peyi Jovenel la sou lis nwa, ann parye dezòd sa ap gen konsekans li sou menm moun ki kreyel yo. Ayiti pral tounen yon bouyon, menm teworis gen pou fè baz li isit ann tann.

3 min read

Blan bay Jovenel bèl dan, jis kaske yo rapatriye tout moun pa yo kite te an Ayiti avan menm yo mete peyi Jovenel la sou lis nwa, ann parye dezòd sa ap gen konsekans li sou menm moun ki kreyel yo. Ayiti pral tounen yon bouyon, menm teworis gen pou fè baz li isit ann tann.

Mezanmi li saw pral li a byen wi: nan dat 28 jwin 2018 selon yon atik kite soti nan LAKAYINFO kite anonse ke genyen 20 nan etranje ki soti nan mwayen Oryan ak lòt peti ki te mande refij isit an Ayiti. «https://lakayinfo.wordpress.com/2018/06/25/une-vingtaine-de-refugies-demandent-lasile-en-haiti-selon-lunhcr/»

Apre piblikasyon enfòmasyon sa a, touswit, nou gentan te wè Ayiti ouvè pòt pou teworis rantre e monte plan pou anvayi lòt peyi vwazen tankou Etazini, Kanada lòt peyi ankò menm jan teworis yo te fè rantre plizyè teworis nan peyi la Frans kite fè tèt yo pase pou moun ki pran kantè poutan kèk pami yo se teworis pou te al simen dèy nan sosyete Fransèz la.

KOMAN YON TEWORIS FÈ KONNEN LAP KA FÈ SAL VLE ISIT AN AYITI ?

Aprè zak teworis pouvwa Jovenel/ Lafontant te fè sou pitit pèp nan yon konferans deba sou Petrokaribe nan dat 28 Avril 2018, Café Trio, nan vil Okap. Zak teworis sa a, mete dlo nan je fanmi Jacques Dubois, anpil twomatis lakay chak moun kite nan espas la. Sib moun sa yo se elimine tout moun kap mete kaka chat yo deyò, pake de KÒRIPSYON SE TANDE SE NAN MANMAN YO OU RANTRE. senatè *Youri LATORTUE* se sib malfwa sa yo pou te elimine e depi dat 28 Avril sa gwo bagay ki fèt pou mete anba kòd moun ke prezime teworis yo akize kòm otè enteleksyèl zak sa a ki se (Delegé depatmantal Nò Jules Antonio)

Nan dat 17 Oktob/18 Novanm Jovenel tonbe aji menm jan ak yon prezidan nan peyi Syrie ki rele Bachar Al Assad kap touye pròp petit li kap chèche liberasyon li. Tout nasyon an tap repete (gen etranje ak zam pouvwa a fè rantre pou tire petit pèp la nan tèt) sou rimè ou verite sa yo pa janm gen ken deklarasyon gouvenman an fè sou sa pou denonse anyen.

Dimanch 10 fevriye a lapolis wè 8 nèg ak gwo zam fann fwa ak plizyè plak imatrikilasyon. Chak pouvwa yo bay vèsyon pa yo sou dosye sa.

Jovenel Moïse imilye PÈP AYISYEN

Jovenel Moïse imilye PNH

Jovenel Moïse imilye PALMAN

Jovenel Moïse imilye PRIMATI

Pandan Jovenel tap di jij yo kòwonpi li pa fè yo konfyans ebyen, jodia li sèvi ak menm aparey jistis kòwonpi sa pou libere prezime touyè sa yo kite vin masakre pèp la. Mèsi Jovenel Moïse.

Finalman depi yon moun wè yon yon blan meriken se kouri bobo pyel pou li pa krache nan figiw ou byen pou li pa touyew, paske tout sa yo few, yo few li nèt.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading