27 juillet 2024

AYITI KÒRIPSYON: PREMYE VERITE LAURENT LAMOTHE BAY SOU KÒB PETROKARIBE A: DERMALOG LA SE NAN VANT KÒB PETROKARIBE A LI SOTI. klike sou lyen pou li rès atik la

3 min read

PREMYE VERITE LAURENT LAMOTHE BAY SOU KÒB PETROKARIBE A:

DERMALOG LA SE NAN VANT KÒB PETROKARIBE A LI SOTI.

Laurent Lamothe pa egare non lèl te di Jovenel gen kòb petrokaribe a nan men li tou depi sou premye rezolisyon li menm ak ansyen PM Guy Lafontant ,nan entèvyou li te gen ak Henry Guerrier sou radio mega. Se yon kap lete koze lòt deyò.

Pèp Ayisyen, eske ou te konnen ?

Jude Jacques Elibert se moun Martine ak Jovenel Moïse chwazi ak men pa yo pou mete nan plas Wilson Fièvre nan direksyon ONI.

28 Novanm 2017

Martine Moise gen tan pati an France ak nouvo Direktè ONI-a. te avèl. Nou wè yo nan konferans TRUSTECH ak reprezantan DERMALOG yo.

Li te patisipe nan konferans TRUSTECH la, se te jis pou te rankontre konpayi DERMALOG. Se te yon konferans sou teknoloji denye kri, ki pèmèt yon gouvenman kontwole, epi manipile popilasyon an nan moman eleksyon .

Desanm 2017

Martine Moise fè yon dezyèm vwayaj an France ak mari li Jovenel Moïse. Ta sanble tout ti detay yo finalize lè sa a ak DERMALOG epi yo tou fè yon projè kontra.

La pou la, Kontra dermalog la siyen. Li jwenn siyati: minis finans, minis lajistis, direkte ONI, Premye Minis la, sof pou siyati cour des Comptes.

Fevriye 2018

Cour des comptes di li pap siyen kontra malatchon si la.

Cours des Comptes aji ak tout legalite yon chwazi ekri yon lèt fòmèl pou di li pap siyen.

Avril 2018

Aprè gwo presyon politik

Cour des comptes di yon lot fwa anko li pap siyen kontra sa ki pa pran chemen legal yo.

CSC/CA ekri yon lèt pou di li pap siyen. Chak fwa li di fok gouvenman an ta fe yon apèl dòf fèmen—Sa ki vle di pou li ta chache plizye konpayi ki bay menm sevis la e fè yo chak bay yo pwopozisyon.

Mitan Avril 2018

Gen yon sèl mache prese san konnen pou kisa ?

Gouvenman an deside l’ap jwen yon lot fason pou li ratifye kontra li a ak DERMALOG . Li fè soti yon rezolisyon ke li pran nan konsèy minis yo, kote li bay tèt li pouvwa pou li fè kontra a tankou si se yon ka sekirite nasyonal.

Rezolisyon sa a bay gouvenman an dwa pran kòb la nan rès kob PETROKARIBE A. Se menm fòm resolisyon ki te pran sou gouvenman pase yo pou projè Petrocaribe yo kote pèson pa konnen kisa kot kòb sa pran.

Fen Avril 2018

Gouvènman a soti yon Moniteur le 30 avril 2018 ki di ke gen ijans pou yo achte ekipman pou idantifikasyon nasyonal, èske autorite yo gen dwa fè sa ki pou fèt pou yo achte ekipman sa yo ?

Se menm bagay la Petrochallenger yo ap denonse sou kòb petrokaribe a, ke Gouvenman si la pran plizi pou refè menm betiz la ankò.

Me 2018

Gouvenman a fè blan Dermalog yo debake an Ayiti. Yo deside pa okipe Cour des comptes paske ak rezolisyon yo pran a, yo panse yo pa bezwen pyès moun ankò.

Yo te nan Hotel El Rancho nan Potoprens, ap monte desan. Se Mesye Jean Francois Kite pran an chaj ekip Dermalog la. Pandan vizit yo nan peyi a, domi, manje, plezi yo, tout sete sou lajan peyi a ankò.

Jen 2018

Gouvenman a di ke fòk li monte pri gaz la sou do pèp la, paske leta bezwen kòb.

FMI te montre ke pa gen kob pou tout depans k’ap fèt yo.

Jiyè 2018

Gwo manifestasyon kont ogmantasyon pri gaz la pete.

Pèp la di li pa gen konfyans ke ogmantasyon gaz yo vle pran sou li a, pral byen depanse. Pèp la dechenen pandan 3 jou.

10 Jiyè

Gouvenman a transfere plis pase 9 milion dolla vèt pou Dermalog. Total antant la se plis pase 29 milyon dola ameriken. Dermalog mande pou tout kob la bloke pou li avan li komanse ak yon lèt Kredi.

Eske nou wè nan ki sa nou pran la ?

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading