27 juillet 2024

Bota wany P. JOSEPH : Lettre ouverte à la jeunesse Haïtienne

3 min read

Port-au-Prince, le 14 Juillet 2018

Lettre ouverte à la Jeunesse Haïtienne

Chers jeunes,

Vous écrire cette lettre s’est révélé être l’exercice le plus difficile de ma vie tant que je connais nos différences et nos différends. J’ose quand même le faire en mettant en avant la force de la foi. Car, Je veux encore croire que, nous jeunes, pouvons encore faire la différence. Je veux encore croire que tout n’est pas livré à la fatalité. Mais surtout, je persiste à croire que la thérapie du choc n’est pas l’unique voie pouvant guérir cette nation de ses maux.

Je vous écris pour vous dire que, tenant compte de la situation socioéconomique du pays, le moment est venu de sortir de notre léthargie où nous subissons le sort des évènements en mauvais conscients, pour envoyer plus que jamais, le signal d’une jeunesse unie, exigeant l’accouchement d’un nouveau pacte social. Sa ki la a pa kapab ankò !

Aujourd’hui, nous sommes tellement divisés que le concept « Lajenès » est presque dénué de tout sens. Nous sommes perdus ! Il nous faut nous retrouver ! Le pays est à son point mort !

Li pa posib pou nou pa ka pa gen anyen nan men nou epi n’ap goumen antre nou ankò ! Nou yonn pa fè lòt konfyans men nou pito ap rete peri tan poun’ chita rezoud pwoblèm lan ! Nou youn pa an sekirite nan peyi a ankò paske fose inegalite yo twò gran men nou refize aji pou sa ka chanje!

Les générations précédentes n’ont pas eu tout ce que nous avons à notre portée comme outils de communication et de rassemblement pourtant, elles ont réalisé des exploits. Le changement peut partir d’un smartphone ou d’un laptop aujourd’hui. Nous devons être utiles au pays. Il est plus qu’urgent de mettre toute notre énergie au service d’une seule et même cause.

Nan sans sa, nan kad yon gran MOUVMAN SOSYAL E SITWAYEN KI PA GEN MÈT, mwen pwopoze pou:

1. Tout jèn pale yon sèl langaj : ANTANT NASYONAL POU YON NOUVO PAK SOSYAL.

2. Tout jèn komanse pa itilize rezo sosyal (Facebook, Twitter, Instagram…) pou mennen yon gran kanpay pou ANTANT NASYONAL la menm jan nou te fèl pou Bibliyothèk Site Solèy, #Challenges yo ak lòt ankò…

3. Tout jèn itilize Radyo, Televizyon pou mande yon sèl bagay: ANTANT NASYONAL POU YON NOUVO PAK SOSYAL.

4. Sektè jenès la òganizel’ pou n’ konstitiye yon entèmedyè fò pou reyalize “DYALÒG NASYONAL” la. Se nou ki ka fèl’! Sèlman menm nou ki ka reyini tout sektè nan peyi a sou yon menm tab ! Okenn lòt sektè nan lavi nasyonal la pa gen lejitime sa. Depi nou ini nou, nou egzije sa, li posib.

5. A pati de “DYALÒG NASYONAL” la, nou egzije yon “PAK POU GOUVÈNE” pou peyi a pou 25 pwochenn lane k’ap vini la yo. Paske twò lontan, sa chak sektè ap fè nan peyi a pa an amoni ak sa gouvènman ki monte yo gen kòm oryantasyon politik. Vise vèsa.

Nou tout konsène ! Fè lide boujounen ! Patisipe ! Ann bwase lide ! Ann poze aksyon !

Pou yon fwa nan istwa nasyonal peyi a, ann kole zepòl tout bon vre pou ekri yon lòt paj. Volonte nou se kle !

Sonje! Pa gen reyisit endividyèl nan echèk kolèktif!

Bota Wany P. JOSEPH

Jèn Sitwayen Ayisyen

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading