27 juillet 2024

Dr. Kely BASTIEN: PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT! Bonjou tout moun! Depi kek jou sou rezo kek endividi okap tap fe bri kouri kom kwa mwen te rantre okap pou separe lajan pou fe manifestasyon nan vil la ak nan depatman an. Apre yo vin asosye m ak Met Justin Metellus ki nan distribye lajan tou. Bagay sa telman lage konfizyon yo te komanse ap lonje dwet sou patizanm. Mwen vle atire atansyon nou sou plizye bagay: 1. Mwen kite okap depi merkredi 27 jen e mwen panko janm rantre. 2. Machin mwen rantre okap vandredi 6 jiyè pou li retounen nan samdi maten. Li tou bloke okap e li pa janm pran lari yon jou. Anplis machin nan pa gen koulè blan. 3. Yo di mwen mete ansanm ak chef kabinè minis Touris pou separe lajan. Mezanmi sim ta gen konplo poum ta fè nou panse se avèk dirijan PHTK poum ta fe l? Se vre yo fristre tou. Se vre anpil nan yo te nan lari tou paske monte gaz konsene yo ak lavi pitit yo. Yo tap fe konplo pa yo apa. 3. Pou desizyon monte 85 gd sou pri gaz la nou panse yon ayisyen ki respekte tet li tap rete bwa kwaze? E ke li tap bezwen lajan pou pran lari pou sa? Kom nou kontinye kwè tout malere se voras e ke se mil goud selman ki ka fe yo manifeste? 4. Pa gen yonn nan nou nan sekte demokratik la e nan peyi a ki te panse ke manifestasyon tap fet vandredi 6 jiyè e ke li tap pran tout dimansyon sa. 5. Yo di mwen t okap nan samdi. Pa ki wout machin sa te pase? 6. Fok bagay nou panse tout militan se ouvriye politik sa fini. Nou toujou rete kwe yo pa ka gen konviksyon. 7. Yo te fe gouvenman konnen depi plizye semenn ke monte gaz pap bon paske li pral mete absè sou klou nan kondisyon mizè moun yo ap viv. 8. Ak 75 gd la yo te prevwa rantre 20 milya gd nan bidjè a. Aloske prezidan Jovenel le li te sot Lima lotre jou te deklare kontre bann nan koute leta 700 milyon dola ameriken. Fe kalkil la an goud. Na we konbyen li tap rapote leta si li te deside konbat kontrebann nan vre. Dayè kiyès moun ki ka fè kontrebann si li pa nan pouvwa a? 9.Sak pase ki fè nou site non mwen ak met Justin se sant eleksyon nou pran e nou komanse mete machin propagann nou sou pye menm jan nou te fe l le nou te di mwen gen lopital sen domeng. Sispan fè kout lang sou moun paske se nou menm lavi a ap bay leson? Apa nou eli koulye a. Nou sendomeng tout lajounen. Se pa voye monte ankò. Se vini ak prèv. 10.Nan sa peyi sa ye la, tout neg ki komanse ap mete machin landjèz yo deyo panko janm konprann sitiyasyon pep sa ap viv. Si nou pa pran leson menm koz yo ap bay menm rezilta. Kisa nou dwe fè ansanm pou peyi a e pou depatman. Ou we tout moun ki sanble ap divize pou sel bagay ki rele eleksyon an. Nou preske pedi latet. 11. Atak ki fet sou patizanm yo se teren yo komanse ap prepare pou fe represyon menm jan sa komanse fet nan potoprens. Yo vle mete yo nan prizon pou yo lage yo apre eleksyon. Pou fe nou pè. Pou vanjans. Gen le nou panko konprann sa kap pase nan lari sa ditou. Se byen konte mal kalkile. 12. Dapre denye nòt FMI a GOUVENMAN AP PREPARE MONTE GAZ LA ANKO. Yo panko janm konprann ke pep la pap pran sa nan men yo anko e ke fok yo cheche lajan lot kote, defini lòt politik ekonomik pou peyi a. 13. Mesye dam poze. Mouvman ki sot pase te depase lidè politik. Tout nèg te bloke lakay yo. Ou pat menm ka soti al fe yon mon kach ni yon pappadap. Pa menm pale pou ale labank. Direkte lapolis di se nan rezo sosyo li aprann gaz la monte epi nou vle se mwen ki te dwe konnen l avan jis pou mwen ta cheche lajan mete la pou fe dezòd. Mwen konnen gen nan nou ki mechan. Nou ka di sa nou vle ak bouch nou. Men gen yon limit. Pi fò nèg tap gade match Brezil. Ni fanatik ni lènmi ki tap veye zen. E se nan mitan match la yo te lagel. Malchans pou yo Brezil pedi. E nan ka sa menm si Brezil te genyen pep la tap toujou pran lari. 14. Met Justin gen lè yo konsyan ou se yon mango mi tou wi! Ou komanse pran kout woch tou! Poze zanmi! 15. Mwen tap bliye di te gen lajan vre ki te debloke pou kalme katye popilè. Senatè Dumont di sete 117 milyon goud. Sainton radyo zenith te presize se te yon chek 87 milyon e yon chek 30 milyon. Gen neg ki tap pase nan katye popilè bay kob sa pou moun pa pran lari samdi. Yo pran lajan e yo pran lari. Gen nèg pouvwa ki kenbe pi fò nan kòb la nan depatman an paske yo tap pare pou sove. 16. Poum fini kolè pep la soti nan anpil promès ki pa kenbe tankou paspò nan 8 jou, karavan ki te komanse agrikilti li kontinye nan rout e li kanpe nan rout paske li pa reponn a yon proje ekonomik. Se yon bagay pise gaye. Rout lenbe kite komanse 29 jen 2017 e prezidan te di lap fini nan 6 mwa, yo bay gran neg mwayen kontrebann e yo bay ouvriye 3 adoken pou ogmantasyon. Machan ki pedi machandiz yo nan dife aloske se kout ponya yo te pran, bidjè ki ogmante taks sou moun ki pi pov yo, lajan petro karibe a sitou yo deye arete moun ki swadizan te nan te piyaj epi yap proteje moun ki te enplike nan lajan petrokaribe, lekol ap monte chak ane aloske gen yon lwa pou ede ti malere yo refize aplike e anplis lajan dola 50 la disparet. Profesè pa touche etc. 17. Se sektè prive ki tap soutni Jovenel la ki sot deklare li enkonpetan wi! MEZANMI PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT! Kely BASTIEN!

5 min read

PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT!

Bonjou tout moun!

Depi kek jou sou rezo kek endividi okap tap fe bri kouri kom kwa mwen te rantre okap pou separe lajan pou fe manifestasyon nan vil la ak nan depatman an. Apre yo vin asosye m ak Met Justin Metellus ki nan distribye lajan tou. Bagay sa telman lage konfizyon yo te komanse ap lonje dwet sou patizanm. Mwen vle atire atansyon nou sou plizye bagay:

1. Mwen kite okap depi merkredi 27 jen e mwen panko janm rantre.

2. Machin mwen rantre okap vandredi 6 jiyè pou li retounen nan samdi maten. Li tou bloke okap e li pa janm pran lari yon jou. Anplis machin nan pa gen koulè blan.

3. Yo di mwen mete ansanm ak chef kabinè minis Touris pou separe lajan. Mezanmi sim ta gen konplo poum ta fè nou panse se avèk dirijan PHTK poum ta fe l? Se vre yo fristre tou. Se vre anpil nan yo te nan lari tou paske monte gaz konsene yo ak lavi pitit yo. Yo tap fe konplo pa yo apa.

3. Pou desizyon monte 85 gd sou pri gaz la nou panse yon ayisyen ki respekte tet li tap rete bwa kwaze? E ke li tap bezwen lajan pou pran lari pou sa? Kom nou kontinye kwè tout malere se voras e ke se mil goud selman ki ka fe yo manifeste?

4. Pa gen yonn nan nou nan sekte demokratik la e nan peyi a ki te panse ke manifestasyon tap fet vandredi 6 jiyè e ke li tap pran tout dimansyon sa.

5. Yo di mwen t okap nan samdi. Pa ki wout machin sa te pase?

6. Fok bagay nou panse tout militan se ouvriye politik sa fini. Nou toujou rete kwe yo pa ka gen konviksyon.

7. Yo te fe gouvenman konnen depi plizye semenn ke monte gaz pap bon paske li pral mete absè sou klou nan kondisyon mizè moun yo ap viv.

8. Ak 75 gd la yo te prevwa rantre 20 milya gd nan bidjè a. Aloske prezidan Jovenel le li te sot Lima lotre jou te deklare kontre bann nan koute leta 700 milyon dola ameriken. Fe kalkil la an goud. Na we konbyen li tap rapote leta si li te deside konbat kontrebann nan vre. Dayè kiyès moun ki ka fè kontrebann si li pa nan pouvwa a?

9.Sak pase ki fè nou site non mwen ak met Justin se sant eleksyon nou pran e nou komanse mete machin propagann nou sou pye menm jan nou te fe l le nou te di mwen gen lopital sen domeng. Sispan fè kout lang sou moun paske se nou menm lavi a ap bay leson? Apa nou eli koulye a. Nou sendomeng tout lajounen. Se pa voye monte ankò. Se vini ak prèv.

10.Nan sa peyi sa ye la, tout neg ki komanse ap mete machin landjèz yo deyo panko janm konprann sitiyasyon pep sa ap viv. Si nou pa pran leson menm koz yo ap bay menm rezilta. Kisa nou dwe fè ansanm pou peyi a e pou depatman. Ou we tout moun ki sanble ap divize pou sel bagay ki rele eleksyon an. Nou preske pedi latet.

11. Atak ki fet sou patizanm yo se teren yo komanse ap prepare pou fe represyon menm jan sa komanse fet nan potoprens. Yo vle mete yo nan prizon pou yo lage yo apre eleksyon. Pou fe nou pè. Pou vanjans. Gen le nou panko konprann sa kap pase nan lari sa ditou. Se byen konte mal kalkile.

12. Dapre denye nòt FMI a GOUVENMAN AP PREPARE MONTE GAZ LA ANKO. Yo panko janm konprann ke pep la pap pran sa nan men yo anko e ke fok yo cheche lajan lot kote, defini lòt politik ekonomik pou peyi a.

13. Mesye dam poze. Mouvman ki sot pase te depase lidè politik. Tout nèg te bloke lakay yo. Ou pat menm ka soti al fe yon mon kach ni yon pappadap. Pa menm pale pou ale labank. Direkte lapolis di se nan rezo sosyo li aprann gaz la monte epi nou vle se mwen ki te dwe konnen l avan jis pou mwen ta cheche lajan mete la pou fe dezòd. Mwen konnen gen nan nou ki mechan. Nou ka di sa nou vle ak bouch nou. Men gen yon limit. Pi fò nèg tap gade match Brezil. Ni fanatik ni lènmi ki tap veye zen. E se nan mitan match la yo te lagel. Malchans pou yo Brezil pedi. E nan ka sa menm si Brezil te genyen pep la tap toujou pran lari.

14. Met Justin gen lè yo konsyan ou se yon mango mi tou wi! Ou komanse pran kout woch tou! Poze zanmi!

15. Mwen tap bliye di te gen lajan vre ki te debloke pou kalme katye popilè. Senatè Dumont di sete 117 milyon goud. Sainton radyo zenith te presize se te yon chek 87 milyon e yon chek 30 milyon. Gen neg ki tap pase nan katye popilè bay kob sa pou moun pa pran lari samdi. Yo pran lajan e yo pran lari. Gen nèg pouvwa ki kenbe pi fò nan kòb la nan depatman an paske yo tap pare pou sove.

16. Poum fini kolè pep la soti nan anpil promès ki pa kenbe tankou paspò nan 8 jou, karavan ki te komanse agrikilti li kontinye nan rout e li kanpe nan rout paske li pa reponn a yon proje ekonomik. Se yon bagay pise gaye. Rout lenbe kite komanse 29 jen 2017 e prezidan te di lap fini nan 6 mwa, yo bay gran neg mwayen kontrebann e yo bay ouvriye 3 adoken pou ogmantasyon. Machan ki pedi machandiz yo nan dife aloske se kout ponya yo te pran, bidjè ki ogmante taks sou moun ki pi pov yo, lajan petro karibe a sitou yo deye arete moun ki swadizan te nan te piyaj epi yap proteje moun ki te enplike nan lajan petrokaribe, lekol ap monte chak ane aloske gen yon lwa pou ede ti malere yo refize aplike e anplis lajan dola 50 la disparet. Profesè pa touche etc.

17. Se sektè prive ki tap soutni Jovenel la ki sot deklare li enkonpetan wi!

MEZANMI PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT!

Kely BASTIEN!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading