27 juillet 2024

Bravo. Eric Jean Baptiste, rive fè sa dilè dròg yo pa t rive fè sou Jean Bertrand Aristide « ACHTE LETA».-

2 min read
Eric Jean Baptiste fè pi move zak nan kanpay li yo. Separe lajan sal se yon men konpran pou achte leta se yon lòt bagay. Aplike vye modèl kanpay PHTK sa yo sal imaj EJB pi plis toujou apre kesyon kidnapping.

Eric Jean Baptiste di lap debloke 2 milyon goud pou peye 1 mwa anplwaye nan meri Jakmèl sou 42 mwa leta dwe yo.

Minis enteryè ki gen nan tèt li Liszt Ouitel anba pouvwa minis finans la ki gen nan tèt li Michel Patrick Boisvert ta sipoze frennen kandida pou pòs prezidan Eric Jean Baptiste ki deside jwe wòl leta menm jan DILÈ dròg sou prezidans JBA te mande pou yo fè rout nan zòn lakay yo e gouvenman an pat kopere ak demagòg sa yo kite vle achte yon pati nan leta. Zak sa yo ta pral non sèlman otorize yo fè dil dròg anba ge lajistis; epi jwen senpati moun nan zon nanmenm jan nan peyi Colombie Pablo Escobar yon ansyen machann dròg konstwi katye ki pote non li epi achte katye ki rele Medellín nan pou lajan kontan.

Eric Jean Baptiste fè pi move zak nan kanpay li yo. Separe lajan sal se yon men konpran pou achte leta se yon lòt bagay. Aplike vye modèl kanpay PHTK sa yo sal imaj EJB pi plis toujou apre kesyon kidnapping.

GEN ZAK MESYE DAM POLITIK YO FÈ, OLYE NOU METE YO NAN WÒL YO; NOU BA YO BOULVA POU YO VIN RADOTE. Mwen te renmen kesyon Guerrier Dieuseul la lè li mande EJB sal panse pou Matisan; li pa menm montre sa gen enpòtans pou li.

Nan tèt kèk mal konpran-n yo ka panse EJB trete pwòch li ak moun kap travay ak li byen! Demagòg ki kandida pou pòs prezidan isit ap vann yon imaj bon moun ak moun poutan…

•Eske se minis entetyè ki te solite èd moun ki gen lajan pou vin ede li peye kèk meri? si non DGI dwe verifye si kandida EJB ki vle achte leta pagen dèt pou leta.

•gang Matisan kòz anpil moun deplase ale kafou, EJB renmen ede pouki li pa janm ede Jude Edouard retire moun yo nan espas la?

•EJB di li bezwen ale nan Eleksyon pouki li pa janm vle propoze anyen pou ranfòse lapolis nan aksyon kap mennen nan moman sa yo kont gang?

EJB konnen mwen pagen okenn poblèm pèsonèl ak li, ou pral di mwen rekonèt ou map choute sou ou… ou konnen mwen pap dekò ak anyen ki sanble ak demagoji. Ou ka separe lajan daza ou jan ou vle, paske se nan sa ou envesti jwe pou genyen men kesyon konprann pou achte yon ti modo nan leta a mwen pap dakò.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading