27 juillet 2024

Commentaire de Me Andre Michel: Maten an Mwen te sezi tande Senatè G Delva kap atake Senatè Latortue ki se yon alye Sektè Demokratik e Popilè la Sou Radyo Karayib( lire la suite)…

1 min read

Nan mwa ki sot pase a DCPJ fè yon rapò Kote li konfime Senatè Garcia Delva te patisipe nan yon zak Kidnaping ansanm ak Arnel Joseph youn nan pi gwo chèf gang nan peyi dayiti.

Avèk ki moralite, avèk ki otorite pou yon bandi tankou G Delva ki nan kidnapping dapre DCPJ Gen dwa ap monte Sou Radyo pou lap atake moun. Si Garcia Delva te Gen konn wont, si li te Gen Fanmi, apre Rapò DCPJ a se nan yon latrin li te dwe kache annatandan lajistis pronnonse l’ Sou dosye l’ la .

Se sèlman nan peyi Dayiti pou yon moun tankou Garcia Delva Gen dwa ap mache atake moun nan Radyo apre komisyon Jistis sena a ak DCPJ montre aklè ki kalite relasyon G Delva genyen ak bandi kap touye epi vyole Pitit pèp la .

Mwen Voye jete tout vye atak Prezime bandi kidnapè G Delva fè Maten an nan Radyo Karayib Sou Senatè Latortue ki se yon alye sektè Demokratik e Popilè e ki se anmenmtan yon manm branch enstitisyonèl opozisyon Politik. Nou pap kite okenn ti vakabon Kraze batay pèp la.

Nap kontinye batay pou nou jwenn demisyon Jovenel Moïse pou nou kapab rive nan Pwosè PETROCARIBE a ak nan konferans Nasyonal la nan objektif pou nou kapab kontwi yon lòt Leta ak yon lòt Peyi nan enterè tout Ayisyen.

André Michel, Avocat

LAKAY-INFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading