27 juillet 2024

Daly VALET, enève paske Trump ak Jovenel pa konn valè timoun, anbyans boul Daly gate

2 min read

Mwen enève !

Mwen vrèman enève… donk jodi a m pa sou pale de Ronaldo menm si li konfime se li ki pi bon an…

Nèg nan pouvwa yo Pòtoprens yo enève m….E nèg ki sou pouvwa yo Washington enève m anpil tou….Bon eske se moun ideyoloji ladwat sa yo menm ki pa konprann sa timoun vle di ?

Kijan pou Donald Trump fè ap separe timoun ak manman yo, paran yo jis paske yo antre ilegal Etazini ? Mesye sa ki rele Trump lan li pa gen pitit ? Jis pou satisfè baz politik rasis ekstrèmdwat li a, Trump deside aplike yon mezi migratwa san manman jiskaske pou y ap trete timoun tankou kriminèl. M vrèman wont pou Etazini yo menm ki renmen bay lot peyi leson sou koze dwa moun…Sa k pi grav la Etazini nan menm moman an deside kite enstitisyon Nasyonzini ki la pou poze pwoblem dwa moun nan mond la. Kidonk, bagay yo pa rive konsa pa aza.. Se yon politik anti-moun anti-dwa moun ki ap aplike.

Pa bò isit menm an Ayiti yon prezidan ak tout madanm li ap ri pou tèt yon timoun anba 10 zan ap byen gouye pou yo. Yo menm rekonpanse ti lezanj lan ak yon machin deske li konn byen gouye.

Pandanstan ke Prezidan ap bay machin kòm prim pou gouyad, gen biwo leta ki pa genyen yon moto vwa pou machin, genyen ki pa gen gaz pou mete nan machin…genyen ki pa gen enténèt…gen anpil lekol nasyonal leta yo ki pa gen ase ban pou timoun chita, gen fakilte leta ki pa menm gen yon bibliyotèk pou etidyan ak pwofesè fè rechèch vwa pou yo ta gen otobis ou yon machin…genyen ki pa menm gen yon televizyon ak yon ekran pwojeksyon pou elèv ak etidyan gade yon dokimantè akademik. Poutan anpil milyon depanse pou achte televizyon bay Palmantè pou yo al fè politik pouvwa a lakay yo pandan Koupdimond lan…

Donald Trump pa premye prezidan ameriken ki ap pran desizyon rasis inimen kont moun ki pa blan. Jovenel Moise pa premye prezidan ayisyen ki ap ankouraje devègonday lajenès e ki ap sévi ak lajan peyi a pou fè demagoji politik sou preteks zèv sosyal. Sepandan, lè sa twòp, fòk nou di li twòp….e lè nou bouke fòk nou di nou bouke.

Mwen enève tout bon. Trump ak Jovenel gate anbyans Koupdimond mwen.

DV

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading