15 mai 2024

Fritz William Michel pa kalifye pou li vin premye Minis. M. André Michel

2 min read

Lè mwen fin li plizyè tweet Fritz William Michel Kote lap trete Jounalis Jean Monard Metellus ak Liliane P Paul de vwayou, Kote Fritz william Michel ap mande pou Disparèt Jounalis Radyo Zenith FM, li dwe klè pou tout Moun Mesye Fritz William Michel pa kalifye pou li vinn premye Minis nan peyi Dayiti. Misye pa kalifye pou li okipe okenn lòt pòs enpòtan nan Leta.

Mwen di byen wi, se pa sèlman premye minis li pa ka ye, Misye pa ka ranpli okenn lòt fonksyon enpòtan nan Leta. Yon moun ki té senp sitwayen kap atake jounalis , kap mande disparèt Jounalis li pa dakò ak yo , ou paka pran chans lage pouvwa Leta nan men li.

Atik premye konstitisyon an Peyi Dayiti di Leta Ayisyen se yon Leta Demoktatik epi Atik 28 ak 28 -1 konstitisyon an garanti libète lapawòl ak dwa pou Jounalis yo fè travay yo lib e libè.

Yon moun kap atake laprès li pa yon demokrat li pa kapab premye minis an ayiti, li pa kapab okipe okenn fonksyon enpòtan nan leta. Yon moun kap trete Jounalis de vwayou pa yon demokrat li pa kapab premye minis an Ayiti, li pa kapab okipe okenn fonksyon enpòtan nan leta a.

Yon moun kap mande disparèt jounalis Radyo Zenith li pa ka premye Minis eli paka okipe okenn fonksyon enpòtan nan nan Leta a.

Mwen espere Asosyasyon Jounalis yo ap pran responbablite yo nan ka sa a . Mwen espere ANMH ak AMI ap Pran responblite yo klè kou dlo kòk pou di prezizan Repiblik la Mouche Fritz william Michel pa kalifye pou li vinn premye nan peyi dayiti paske chak moun dwe pran responsablite yo. Mwen konnen depite Opozisyon yo ap pran responblite yo.

Mwen Gen konviksyon Senatè Sektè Demoktatik yo Cassy, Beauplan, Kato, Ricard Pierre ak alye Nou Senatè Latortue ap mete kanson yo nan tay nan Sena a pou defann konstitisyon an pou pa kite yon ti vakabon konsa vin premye Minis .

Jan grouo 4 Senatè yo te montre sa nan Dosye Jean Michel Lapin an Gen yon Seri de dezòd se ak fòs ponyèt pou w bloke yo depi w Gen sipò pèp la . Gen de dezòd ou pa Gen dwa kite pase. Pi wouye pi koupe, Sektè Demoktatik Popilè a bò Kote pa li ak ap kontinye batay la Pou fòse Prezidan Jovenel Moïse Kite pouvwa a pou kapab rive fè PWOSÈ PETROCARIBE a ak nan Konferans Nasyonal la san Nou pa bliye pwosè Masak La Salin nan. Batay la ap kontinye.

André Michel , pòt pawòl Sektè Demoktatik Popilè a ,Avoka inisyatè pwosè PETROCARIBE a .

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading