27 juillet 2024

JENÈS LA SANBLE PRAN NAN KONPRANN ! AK YON MO ENVESTISÈ, KI TRENNEN YON PAKÈT LÒT MO DÈYÈ L.

2 min read

JENÈS LA SANBLE PRAN NAN KONPRANN !

AK YON MO ENVESTISÈ, KI TRENNEN YON PAKÈT LÒT MO DÈYÈ L.

DONALDTRUMP, voye (OPI,aaméricaine de promotion des investissements privés àvl’étranger), pou envesti an Ayiti, aprè vizit Prezidan Jovenel Moïse lakay Donald Trump sa kite trete Ayiti de tou kaka, bwèf…

Mwen wè malè pandye sou tèt hôtel Marriot ke group FATIMA ak Fred, Patrick BELLIARD depanse lajan yo pou mete vil Okap nan yon lòt dimansyon toristik, epi ZWAV ki nan pouvwa a komanse ouvri gagann yo ap klèwonen kòmkwa 19.5 milyon dola ameriken pou kontwi Otèl Marriot Okap la; pouvwa Jovenel la mete yon bon kantite nan lajan sa. Group FATIMA ak Patrick Belliard pat dwe pran nan fil mòl dasoman ki rele Jovenel Moïse la, sa pat ka afekte kliyantèl yo.

Jenès ki nan AAA yo nan yon deba, yo raplem sou gouvènman Martelly Lamothe la, te gen yon ekip fo envestisè, 2 mesye sa yo te fè yon pil zanmi yo rantre vinn pran plezi kòmkwa yo se envestisè; tout depans yo te fèt nan kès leta.

Pouvwa Jovenel la simaye gang nan tout rakwen nan peyi a pou simen latwoublay, epi di yap blofe pèp, yo di: Dady Trump pral voye envestisè an Ayiti; se ri m ri nèg yo. Dim ki blan ki pral pran chans rantre nan peyi konsa ak fanmi li nan mitzn chen anraje sa yo ?

Ki etranje ki pral pran chans vinn envestinan yon peyi kote se gang pouvwa a kap fè lalwa ?

Jenès la pap pran nan mòd UTOPIE sa ankò, yo bezwen bagay ki reyèl pou travay epi rete nan peyi yo pou kreye yon fanmi.

Menm revandikasyon ankò pou jèn nan depatman Atibonit ki di yo pa p pran nan blòf, y ap lache pye pou pye dèyè verite ak reyalite. Moun Atibonit tèlman gen gran kè; pa janm gen yon moun nan depatman Atibonit ki reproche senatè Youri Latortue pou fèm nan li al mete jis nan Leogane, se pa towo Jovenel la ki pran tè tout ti malere nan Otrou sou preteks li pral fè banan nan peyi l, sa rele «Fo lidè vòlò tè».

Finalman Fòk pouvwa Jovenel sa sispann ak modèl politik filalang sa, sispann itilize gang kòm ajan devlòpman menm jan Reginald Boulos ap fè nan peyi a.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading