27 juillet 2024

Quand Cyrus Sibert cherche à innocenter Jules Antonio, l’auteur intellectuel de l’attentat Café Trio: Blaise Robelto Flanky

4 min read

Quand Cyrus Sibert cherche à innocenter Jules Antonio, l’auteur intellectuel de l’attentat Café Trio.

Ann korije rezònman ILOJIK Cyrus Sibert sou Dosye CAFÉ TRIO a.- #Lakayinfo

[“Admettons” se pa Delege a ki pa Otè enteleksyèl zak teworis sa, pouki lajistis oblije kenbe chofè li Youmi Toussaint ki ta rakonte kijan delege a te bay tout yon ekip lòd pou egzekite atak la, pou mete sou sa, pouki aprè 8 jou delege a pase nan prizon, se kontan li kontan lè pouvwa a liberel ?]

Syrus Sibert Konseye stratejik prezime teworis Jules Antonio, ap eseye itilize teyori ( galon-plon). Konsidere Ti Frantz ki deja nan prizon nan kad ankè pou trouve otè enteleksyèl zak teworis 28 avril 2018 la tankou yon Bout galon nan lanmè; Li ekri Ti Frantz 5 fwa nan nòt li pibliye 20/05/2019 la pou tout moun wè se Ti Frantz ki komèt zak li pou kòl, epi vrè kriminèl la plonje nan fon lanmè tankou se yon bout plon, pèson pap wèl.

Nan nòt konseye a li pa janm site non Ti Mo, alòske nan nòt mwen te fè soti dimanch 29 avril la te gen ni non Ti Frantz ni non Ti mo. Poutan se Ti Mo sa ki te pale sou radio mega, se Ti Mo sa ankò kite voye nòt vokal sou group WhatsApp ki t ap di se pa li menm ak Ti Frantz se delege a.

Cyrus Sibert Konseye otè enteleksyèl zak Café Trio a, bliye si li te itilize yon facebook live ke mwen tap fè, kont mwen ankò. Konseye teworis la bliye se te Ti Mo kite rantre ak mayo PHTK andedan Café Trio pou te vinn agresem, yon lòt fwa ankò konseye a bliye nan menm vidéo a konbyen minit TiMo te di, Konseye a di 30 minit aloske sa tout moun kapab odisyone se 15 minit li te repete.

Lojikman reyaksyon Ti Mo ak Ti Frantz montre klè kou dlo kòk ke yo te okouran ke atak la ki pral fèt la, men yo sèvi li pou fè machandaj pou kwen kòb nan men nou menm kitap òganize evenman si la. Si nou ramke nan vidéo live la, perèz te pran Ti Mo lèm dil :soti e retire mayo sa sou li, li te santi li pa nan espas li e li kouri ale.

Asasen an toujou tounen kote li fè krim nan. E koupab la pap fouti kenbe menm diskou li, egzanp la klè nan deklarayon Cyrus Sibert yo.

Teyori Cyrus Sibert ap itilize sou lektè yo pa inosan, e li konnen byen kijan pou li anplwaye yo. Li pote tit jounalis se yon kouvèti.

Tout moun konnen Jules Antonio pat aji sèl, e finasman pou te planifye zak teworis la, majorite nan lajan sa yo te soti nan men Laurent S.Lamothe direkteman. Cyrus Sibert, se ou menm menm kite propoze Lamothe kou sa pou repete mo pou mo sa ankètè yo rapòte kew te di: «Chèf nou pral fout Youri yon bèl leson Okap».

Gen yon depo lajan ki fet ak yon chèk entènasyonal sou kont delege a ant 18 a 24 avril.

Jou madi kite 24 Avril la se denye jou ou tap bay tout denye konsiy ak taktik pou atak la fèt nan samdi ki pral 28 avril la, soti 9è nan aswè pou bout nan minwi edmi, moun kite prezan yo sete: ou menm syrus sibert, Jules Antonio, Youmy, ak yon sèten Jhonny kòm egzekitè. Ou finn monte plan w ajou e nan mèkredi 25 avril ou jetew nan Etazini w al tann rezilta.

Pou laverite ak pou istwa, mwen menm Blaise Robelto Flanky, mwen poko janm patisipe nan kelkonk konplo kont pròp peyim tankou rantre nan groupman ame pou bay yon prezidan ki eli demokratikman koudeta, mwen poko janm patisipe nan konplo pou asasinen otorite swa polis ou komisè polis kap konbat ensekirite ak enjistis okap, pou te voye Aristid ale, mwen poko janm patisipe nan masak kont elev lycée ak kout gaz lakrimojèn, sou kichoy sa yo sak pou konpran a konpran.

Jodia Cyrus Sibert Konseye teworis Jules Antonio, ap mande jij Emmanuel VERTILAIRE padon, epi pale devan dèyè.

An konklizyon: Cyrus Sibert ta vle lopinyon piblik lage tout chaj atanta teworis yo,sou do selman Ti Frantz, ki donk, Jules Antonio libere, li pa gentan di si se ak pwòp volonte li ki fè zak la, oubyen si se Lamothe ak prezidan Jovenel kite òdone li poul fè zak la kout ke kout, epi elimine tout tras ki montre enplikasyon

Cyrus Sibert nan atanta teworis la.

SI LAJISTIS TAP FÈ TRAVAY LI TOUT BON GEN NEG KAP FÈ GRAN GÒJ, SE GRAN VAZ PISE POU YO TAP JETE PENITANSYE CHAK MATEN.

Cyrus Sibert se yon eleman mwen apresye anpil se challenge mwen, men mwen pa rive nan nivo kriminalite ke mesye sa ap nouri nan sènn politik la. Mwen ret kwè yon jou ou ka chanje menm jan sol te vinn tounen Pòl nan labib.

BRF

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading