16 mai 2024

Ki senatè manda yo ap fini nan dezyèm lendi janvye 2020 ?.-

3 min read

Nan moman anpil kesyon tap poze fen ane 2017 la, sou finisman manda 10 senatè kite genyen eleksyon an nan dezyèm pozisyon nan eleksyon pou senatè yo nan ane 2015 yo, konsey Elektoral Pwovizwa (KEP) a te klè nan dekrè lwa elektoral sou manda eli yo.

Senatè Youri Latortue, yon moun ki konnen epi gen respè pa lalwa te lanse yon pinga ki di: « Okenn nan 10 palmantè sa yo: Antonio Chéramy, Evalière Beauplan, Nawoon Marcélus, Jacques Sauveur Jean, Carl Murat Cantave, Wilfrid Gélin, Ricard Pierre, Hervé Fourcand, Saurel Jacinthe et Francener Dénius pap kite plas yo nan ane 2018 k ap vini an san pa gen eleksyon nan mwa Otòb 2019 ; se sa ki rele eleksyon tyè sena a. E 10 lòt senatè ki pral genyen eleksyon ki pral fèt Oktòb 2019 pral ranplase 10 senatè manda yo ap fini dezyèm lendi mwa Janvye 2020.

Eleksyon pa rive fèt.

Men pouki rezon?

Nou ka remake depi lò se eskandal sou eskandal, non prezidan repiblik la ap site nan plizyè dosye sal.

Pa bliye yonn nan wòl kle palmantè yo se kontrole prezidan an.

Ebyen si pa gen senatè ki pou anmèdel, mandel esplikasyon, plede mete kontwòl sou li, l’ap ka Fonksyone janl vle, sanl pa gen kont pou’l rann ak pèsòn.

Jovenel chwazi pa fè eleksyon nan lide pou li dirije ak dekrè « sam di se sa».

Dekrè elektoral la di Gen yon dezyèm group palmantè manda yo gen pou fini dezyèm lendi 2022/ fòk mwen raple nou ke sena a syeje an pèmanens.

Atik 50.3 nan dekrè elektoral 2015 la di: «Le candidat ayant obtenu le plus grand nombre de voix reste en fonction jusqu’au deuxième lundi de janvier de la sixième année de son mandat».

Pawòl anpil la dwe fini, Jovenel pa dwe pi prese pase pèp la. Sena an dwe fonksyone san kanpe.

Me lis senatè dekrè elektoral la di kap rete selon atik 50.3 :

Artibonite

– Youri LATORTUE

AAA: 2016-2022

– Garcia DELVA

AAA: 2017-2023

CENTRE

– Willot Joseph

PHTK: 2016-2022

– Rony CÉLESTIN

PHTK: 2017-2023

GRANDE-ANSE

Consortium

– Jean Rigaud BÉLIZAIRE

Consortium:2017-2023

NIPPES

.- Nenel CASSY

FANMI LAVALAS: 2016-2022

3.- Denis CADEAU

BOUCLIER: 2017-2023

NORD

– Dieudonne ETIENNE LUMA

PHTK: 2016-2022

– Jean Marie Ralph FÉTHIÈRE

PHTK: 2017-2023

NORD-EST

– Wanique PIERRE

PHTK: 2016-2023

– Ronald LARECHE

PHTK: 2016-2022

NORD-OUEST

– Onondieu LOUIS

KID: 2016-2022

– Kedlaire AUGUSTIN

PHTK: 2017-2023

OUEST

– Jean Renel SÉNATUS

LIDE: 2016-2022

– Pierre Paul Patrice DUMONT

RPH: 2017-2023

SUD

– Jean-Marie Junior SALOMON

OPL: 2016-2022

– Pierre François Sildor

PHTK: 2017- 2023

SUD-EST

– Dieupie CHERUBIN

KID: 2016- 2022

– Joseph Lambert

KONA: 2016- 2023

Li empòtan pou nou konen ki jwèt ekip Jovenel la ap jwe, nèg sa yo konprann yo plis ke sa lalwa di, ki donk , Ayiti se chwal papa yo.

Manda senatè Youri LATORTUE ak tout lòt senatè p’ap bout an 2020. Apre sa moun kap radote san to pa chèche enfòme ou fome tèt yo politikman se silans pou yo fè.

Dezyèm lendi janvye 2020 kontwòl senatè yo pral pi sere nan palman an pou founi ge gade fonksyònman egzekitif la.

Blaise Robelto Flanky

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading