16 mai 2024

KÒB DERMALOG LA SE TIRÈS KÒB PETROKARIBE A

2 min read

KÒB DERMALOG LA SE TIRÈS KÒB PETROKARIBE A.

Anpil Moun te pran Martine Moïse pou egare, fanm ki pa konn abiye, fanm pye lanvè; ebyen map di nou, nou pran kou, nou pran nan pa konprann.

janw wè mimi mache se pa konsa li kenbe rat.

Jovenel Moïse itilize madanm li Martine Moïse, pou fè ti vòlò pa yo tou nan *KÒB PETROKARIBE A*, yon madanm ki pa òdonatè nan lajan lete sa nou rele nan fransè ( ordinateur des deniers publics) kidonk Madanm ki rele Martine Moïse la, pa nan dwa li pou rantre nan aktivite lajan nan kès leta.

Kontra mache prese DERMALOG la koute leta Ayisyen 27,700,000,00 (27milyon 700) dola meriken sèlman pou fè kat elektoral.

sepandan anpil ekspè deklare ke Ansyen sistèm nan ka UPDATE pou yon tikras monen ki tap pè yon prodwi kat elektoral pandan plizyè plizyè plizyè ane ankò.

Pa bliye 27 milyon 700 mil dola sa soti nan *BMPAD* (Bureau de Monétisation pour le Programme d’Aide au Développement).

se menm biwo sa kitap vomi lajan pou gouvènman Preval-Bellerive& Pierre Louis,Martelly-Lamothe, ak lòt ankò, ki donk se menm *KÒB PETROKARIBE A* Martine fè debloke sou non maril Jovenel pou fè ti kòb petrokaribe pa yo.

Sonje sa wi ! Gen 2 milyon dola ke Martine Moïse ak konplis li yo fè dekloke nan *BMPAD* pèson paka jwen tras lajan sa.

Èske 2 milyon dola sa se li yo voye peye demachè DERMALOG (Laurent Lamothe) la ki an Afrique du Sud 🇿🇦 ?

Oubyen èske se kòb sa ki peye konplis ki an Ayiti yo ?

Oubyen èske se kòb sa ki achte yon vila nan Canada pou Jovenelin Moïse ? Premye pitit Jovenel moïse li voye nan lòt peyi pandan lap kraze peyil.

Anpil lòt kesyon nou ka poze sou 2 milyon dola sa ki fonn tankou bè pèson pa ka esplike.

Dosye mache prese DERMALOG la fè tout moun pè menm responsab bank pa konprann dosye sa:

– anpil vòl pral fèt

– anpil moun pral pèdi lajan yo labank.

Moun legliz yo pridan pridan, mwen di nou deja kat sa se la marque de la bête yo pral vinn potel nan legliz yo pou nou lè yo wè nou pa vle fè kat la.

– Yo pral pase nan lekòl yo, yo pral mache ak polis pou entimide nou.

Kat« la marque de la bête sa a 666» kap vini nan peyi san fè bri, men kou siperyè dè kont: CSC/CA pa ratifye dokiman kontra sa.

Sa vle bagay kat sa pa legal.

Kòm misyon Jovenel moïse se kraze pouvwa jidisye a eske Martine Moïse se pa p enba kòd?

LAKAYINFO ap ba nou plis detay.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading