27 juillet 2024

Me André Michel felisite elèv 9èm ane ki reyisi a 92 % nan tout peyi a, e li profite rakonte yon ti moso nan istwa lekòl li ki touche anpil moun.-

2 min read

Nan non Sektè Demoktatik e Popilè a Mwen felisite plis pase 92 % Pitit pèp la ki reyisi nan egzamen 9èm ane fondamantal nan Site Solèy san konte kantite ti moun ki reyisi nan rès peyi a.

Si lajan PETROCARIBE a te envesti nan edikasyon, jodi a Nou tap lwe . Sektè Demokratik e Popilè a salye gwo gefò Pitit pèp la fè nan egzamen leta yo e sonj sa, mwen soti nan zantray pèp la, donk, mwen se pitit sòyèt.

Mwen te abite sou bèlè, Fontamara ak nan Tèt kafoufèy. Mwen konnen ki sakrifis Manman ak papa pitit fè pou Voye timoun Lekòl nan yon Peyi ki pa Gen travay, ki pa Gen leta ,ki pa Gen sekirite.

Mwen konnen nan ki sitiyasyon difisil Timoun yo ale Lekòl, anpil fwa yo ale Lekòl san manje, anpil fwa menm yon biswit yo pa jwenn pou yo manje ak yon tas kafe.

Anpil fwa yo pran wout la apye pou ale Lekòl. Mwen te konn soti Fontamara ak nan Tèt kafoufèy apye, pou mwen ale Lekòl nan mitan Vil Potoprens ,nan Lise Tousen Louvèti, mwen konn move lavi men ak espwa mwen te konn di tèt mwen se sèl pòt soti pou tout pitit sòyèt, mwen kwè apil nan nou genyen menm objektif sa, timoun, pa bliye manman ak papa nou konte sou nou tout espwa yo nan nou tanpri fè kè yo kontan.

Yon lòt fwa ankò, nan non sektè Demokratik ak Popilè a , bravo pou tout Timoun ki fè efò pou reyisi nan egzamen leta yo malgre kondisyon yo pa bon.

Sektè Demokratik e Popilè ap kontinye batay pou Kraze Sistèm miwo miba sa a kap simaye mizè ak dezespwa nan peyi a depi plis pase 200 lane kote se yon ti gwoup moun ki pran tout richès peyi a pou li pandan tout rès Popilasyon an pa Gen anyen, se bagay sa yo nou dwe chanje.

André Michel, Pòt pawòl sektè Demokratik e Popilè a.

LAKAY-INFO

1 thought on “Me André Michel felisite elèv 9èm ane ki reyisi a 92 % nan tout peyi a, e li profite rakonte yon ti moso nan istwa lekòl li ki touche anpil moun.-

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading