29 décembre 2025

.

.

Mezanmi mwen tande anpil ekspè ap pale de dosye arestasyon Delege depatmantal Nò a kom kwa selon atik 90 kòd penal la li se yon gro fonksyonè leta e Jij la ta bezwen otorizasyon Prezidan pou yo arete l: Dr Kely c. BASTIEN

1 min de lecture

Mezanmi mwen tande anpil ekspè ap pale de dosye arestasyon Delege depatmantal Nò a kom kwa selon atik 90 kòd penal la li se yon gro fonksyonè leta e Jij la ta bezwen otorizasyon Prezidan pou yo arete l.

Men èske nou ka dim tanpri ki atik nan konstitisyon an ou byen nan lwa sou fonksyon piblik ki mete Delege depatmantal nan ran gran fonksyonè leta.

Mwen pa mande pèsonn entèprete lwa pou mwen paske sa se responsabilite pouvwa lejislatif la.

Pa mande menm pou entèpretasyon konstitisyon an.

Kòd penal sa ekri avan menm konstisyon sa te vini ak yon lot kategori fonksyonè leta ak kolektivite teritoryal.

Mwen pa konn si Prefè yo te gran fonksyonè. Mwen pa kwe nou pral dim Delege egal Prefè? Paske kòd penal se entepretasyon strik menm jan ak konstitisyon an.

Banm yon ti limyè souple!!! Banm yon referans pou mwen ka al gade!!!

Mèsi anpil!

Si ou pa mande ou pap ka konnen!!!

Kely C.Bastien

LAKAYINFO

1 réflexion sur “Mezanmi mwen tande anpil ekspè ap pale de dosye arestasyon Delege depatmantal Nò a kom kwa selon atik 90 kòd penal la li se yon gro fonksyonè leta e Jij la ta bezwen otorizasyon Prezidan pou yo arete l: Dr Kely c. BASTIEN

  1. I would like to thank you for the efforts you have put in writing this site. I’m hoping the same high-grade website post from you in the upcoming as well. In fact your creative writing skills has encouraged me to get my own site now. Actually the blogging is spreading its wings quickly. Your write up is a good example of it.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2025 Lakayinfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com | Newsphere par AF themes.

En savoir plus sur .

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture