4 mars 2026

Dr. Kely BASTIEN: PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT! Bonjou tout moun! Depi kek jou sou rezo kek endividi okap tap fe bri kouri kom kwa mwen te rantre okap pou separe lajan pou fe manifestasyon nan vil la ak nan depatman an. Apre yo vin asosye m ak Met Justin Metellus ki nan distribye lajan tou. Bagay sa telman lage konfizyon yo te komanse ap lonje dwet sou patizanm. Mwen vle atire atansyon nou sou plizye bagay: 1. Mwen kite okap depi merkredi 27 jen e mwen panko janm rantre. 2. Machin mwen rantre okap vandredi 6 jiyè pou li retounen nan samdi maten. Li tou bloke okap e li pa janm pran lari yon jou. Anplis machin nan pa gen koulè blan. 3. Yo di mwen mete ansanm ak chef kabinè minis Touris pou separe lajan. Mezanmi sim ta gen konplo poum ta fè nou panse se avèk dirijan PHTK poum ta fe l? Se vre yo fristre tou. Se vre anpil nan yo te nan lari tou paske monte gaz konsene yo ak lavi pitit yo. Yo tap fe konplo pa yo apa. 3. Pou desizyon monte 85 gd sou pri gaz la nou panse yon ayisyen ki respekte tet li tap rete bwa kwaze? E ke li tap bezwen lajan pou pran lari pou sa? Kom nou kontinye kwè tout malere se voras e ke se mil goud selman ki ka fe yo manifeste? 4. Pa gen yonn nan nou nan sekte demokratik la e nan peyi a ki te panse ke manifestasyon tap fet vandredi 6 jiyè e ke li tap pran tout dimansyon sa. 5. Yo di mwen t okap nan samdi. Pa ki wout machin sa te pase? 6. Fok bagay nou panse tout militan se ouvriye politik sa fini. Nou toujou rete kwe yo pa ka gen konviksyon. 7. Yo te fe gouvenman konnen depi plizye semenn ke monte gaz pap bon paske li pral mete absè sou klou nan kondisyon mizè moun yo ap viv. 8. Ak 75 gd la yo te prevwa rantre 20 milya gd nan bidjè a. Aloske prezidan Jovenel le li te sot Lima lotre jou te deklare kontre bann nan koute leta 700 milyon dola ameriken. Fe kalkil la an goud. Na we konbyen li tap rapote leta si li te deside konbat kontrebann nan vre. Dayè kiyès moun ki ka fè kontrebann si li pa nan pouvwa a? 9.Sak pase ki fè nou site non mwen ak met Justin se sant eleksyon nou pran e nou komanse mete machin propagann nou sou pye menm jan nou te fe l le nou te di mwen gen lopital sen domeng. Sispan fè kout lang sou moun paske se nou menm lavi a ap bay leson? Apa nou eli koulye a. Nou sendomeng tout lajounen. Se pa voye monte ankò. Se vini ak prèv. 10.Nan sa peyi sa ye la, tout neg ki komanse ap mete machin landjèz yo deyo panko janm konprann sitiyasyon pep sa ap viv. Si nou pa pran leson menm koz yo ap bay menm rezilta. Kisa nou dwe fè ansanm pou peyi a e pou depatman. Ou we tout moun ki sanble ap divize pou sel bagay ki rele eleksyon an. Nou preske pedi latet. 11. Atak ki fet sou patizanm yo se teren yo komanse ap prepare pou fe represyon menm jan sa komanse fet nan potoprens. Yo vle mete yo nan prizon pou yo lage yo apre eleksyon. Pou fe nou pè. Pou vanjans. Gen le nou panko konprann sa kap pase nan lari sa ditou. Se byen konte mal kalkile. 12. Dapre denye nòt FMI a GOUVENMAN AP PREPARE MONTE GAZ LA ANKO. Yo panko janm konprann ke pep la pap pran sa nan men yo anko e ke fok yo cheche lajan lot kote, defini lòt politik ekonomik pou peyi a. 13. Mesye dam poze. Mouvman ki sot pase te depase lidè politik. Tout nèg te bloke lakay yo. Ou pat menm ka soti al fe yon mon kach ni yon pappadap. Pa menm pale pou ale labank. Direkte lapolis di se nan rezo sosyo li aprann gaz la monte epi nou vle se mwen ki te dwe konnen l avan jis pou mwen ta cheche lajan mete la pou fe dezòd. Mwen konnen gen nan nou ki mechan. Nou ka di sa nou vle ak bouch nou. Men gen yon limit. Pi fò nèg tap gade match Brezil. Ni fanatik ni lènmi ki tap veye zen. E se nan mitan match la yo te lagel. Malchans pou yo Brezil pedi. E nan ka sa menm si Brezil te genyen pep la tap toujou pran lari. 14. Met Justin gen lè yo konsyan ou se yon mango mi tou wi! Ou komanse pran kout woch tou! Poze zanmi! 15. Mwen tap bliye di te gen lajan vre ki te debloke pou kalme katye popilè. Senatè Dumont di sete 117 milyon goud. Sainton radyo zenith te presize se te yon chek 87 milyon e yon chek 30 milyon. Gen neg ki tap pase nan katye popilè bay kob sa pou moun pa pran lari samdi. Yo pran lajan e yo pran lari. Gen nèg pouvwa ki kenbe pi fò nan kòb la nan depatman an paske yo tap pare pou sove. 16. Poum fini kolè pep la soti nan anpil promès ki pa kenbe tankou paspò nan 8 jou, karavan ki te komanse agrikilti li kontinye nan rout e li kanpe nan rout paske li pa reponn a yon proje ekonomik. Se yon bagay pise gaye. Rout lenbe kite komanse 29 jen 2017 e prezidan te di lap fini nan 6 mwa, yo bay gran neg mwayen kontrebann e yo bay ouvriye 3 adoken pou ogmantasyon. Machan ki pedi machandiz yo nan dife aloske se kout ponya yo te pran, bidjè ki ogmante taks sou moun ki pi pov yo, lajan petro karibe a sitou yo deye arete moun ki swadizan te nan te piyaj epi yap proteje moun ki te enplike nan lajan petrokaribe, lekol ap monte chak ane aloske gen yon lwa pou ede ti malere yo refize aplike e anplis lajan dola 50 la disparet. Profesè pa touche etc. 17. Se sektè prive ki tap soutni Jovenel la ki sot deklare li enkonpetan wi! MEZANMI PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT! Kely BASTIEN!

PA KITE BOURIK POU NAP BAT MAKOUT! Bonjou tout moun! Depi kek jou sou rezo kek endividi okap tap fe...

17 incendies, dans 11 Marchés Publics, en 13 ans. De 2005 à 2018, 17 Incendies ont réduit en champs de ruine, 11 marchés publics, logés dans plusieurs communes du Département de l’ Ouest. Le dernier en date, qui a ravagé le Marché du Port, communément appelé Guérite, remonte à la nuit du 11 juin 2018. Il s’ agit du deuxieme Incendie éclaté dans ce marché, après celui du 18 février dernier. Voici avec précision de dates, la liste de 10 autres marchés, victimes de feux ravageurs au cours des 13 dernières années. Hyppolites ou Marché en Fer: dans la nuit du 12 au 13 février 2018. 30 mai 2008 et 29 janvier 2010. Tête-Boeuf (Tèt-Bèf): 31 mai 2005 et 14 juillet 2014. Tabarre: 24 février 2012 et 6 janvier 2013. La Coupe (Pétion-Ville): 6 février 2012 et 20 novembre 2016. Marché de vêtements de Pétion-Ville (Mache Pèpè): 6 novembre 2006. Marché de vêtements de la Croix- des-Bossales (Mache Pèpè): 19 mars 2017. Salomon: 26 août 2017. Bizoton: 6 décembre 2016. Wilfrid Bertrand (Delmas 31): 18 octobre 2012. Croix-des-Bouquets: 15 novembre 2011. L’ Origine de ces Incendies à répétition, survenus sous les yeux passifs des autorités demeure, jusqu’ à la rédaction de cet article indéterminée. Les enquêtes y relatives ouvertes (si enquêtes, y en avaient) n’ aboutissent toujours pas. Quelles sont donc les dispositions qu’ envisagent les autorités pour prévenir d’ éventuels incendies, du moins, les circonscrire à temps? Aux décideurs (Mairies, Corps des Pompiers, Police, Secrétairie d’ Etat à la Sécurité Publique, Ministères de la Justice et de l’ Intérieur) d’ en rendre compte… Evens Nelson

17 incendies, dans 11 Marchés Publics, en 13 ans. De 2005 à 2018, 17 Incendies ont réduit en champs de...

M Comme annoncé, les évènements ont dégéné. *1*. Barricades et blocages de route - Erigés sur toutes les routes, y...

Gary Victor via Facebook Ces dits dirigeants sont d'une nullité catastrophique. Le probleme est moins l'augmentation enorme des prix de...

Pandan senatris Nò a Dieudonne LUMA, al nan promnad nan peyi CANADA 🇨🇦, pou rapèl se senatè ki bat rekò nan kesyon vwayaje sou fwè kès leta (aux frais de la république) plis pase Martelly plis pase Jovenel. Analiz diskou: – Mwen envite tout popilasyon an pou kapab kalme yo: 1)senatris sous-estimé popilasyon an,li fè santi ke pèp la pagen matirite pou konpran ssak fèt la e ti raj yo genyen ap pase si yo sispan. – Epi pran chemen dyalog pou mennen revandikasyon yo sou tab negosiyasyon an pou ka jwenn yon ale mieux nan sitiyasyon kap devlope yo nan peyi a. 2)se komsi mwen te ka diw senatris pran tèt li tankou yon senp sitwayen ayisyen oubyen se yon reprezantan yon anbasad an Ayiti, se tankou li di gaz monte pa gadel mizè pèp pa gadel sa kap pase la li pa gen pou wa pou di anyen ladan’l. Senatris la mande pou pèp la rantre nan dyalòg ak negosiyasyon, pèp Nò yo mandew kiyès ki reprezante yo ? Kiyès ki pou pale pou yo ? Si se pa enterè paw wap devann ou konnen byen se ou menm ki pou fèl konya ou chwazi pase pèp la espesyalman pèp Nò a nan(KAKA) Se leta ki bay manje,se leta ki bay valiz fich Gaz, se leta ki peye kay pou rete. Se leta de leta se leta se leta ki fè tout bagay pou ou se nòmal pou krache nan figi yo konsa NB-note byen pèp Ayisyen Senatris Dieudonne LUMA,etan ke ke fanm se li menm an premye ki di nou gaz monte pa deranje, padan tout vwayaj li ap fèt sou do pèp la si kès leta a vid se pa pèp la pou senatris la ap di reziye yo epi roule yo nan farin pou di yo al chita pale ak prezidan. Mwen rekomande ak senatris la pou li demisyone imedyatman apre li fin li not sa paske li dil aklè nan tweet li a ke GAZ MONTE pa gadel epi se pa li ki reprezante pèp li pa ka pran desizyon pou pèp. Robleto Flanky BLAISE

Pandan senatris Nò a Dieudonne LUMA, al nan promnad nan peyi CANADA 🇨🇦, pou rapèl se senatè ki bat rekò...

Copyright © All rights reserved. | Newsphere par AF themes