27 juillet 2024

YAP SAL IMAJ VIL ST MARC :Carl Henry Bien-Aimés DG APN ta sanble rantre nan move pratik ki mete sekite nasyonal la an danje. Ta sanble Plizyè bandi ki antourel yo tankou: 1)Mackenson Océan 2)Herve Meristyl 3)John Altenor 4)Walter Montas

1 min read

YAP SAL IMAJ VIL ST MARC

Carl Henry Bien-Aimés DG APN ta sanble rantre nan move pratik ki mete sekite nasyonal la an danje. Ta sanble Plizyè bandi ki antourel yo tankou:

1)Mackenson Océan

2)Herve Meristyl

3)John Altenor

4)Walter Montas

4 eskanmotè sa yo ta va resevwa zam ki rantre ilegal nan kontenè e lapolis pa menm rive anrejistre jis pou fè krim pou depite nou konnen mwen konnen an ak Pouvwa an plas la pou jere pouvwa.

Mesye sa yo ki rele tèt yo BANDI LEGAL; pratik delenkan sa yo se mache tire gwo kout zam nan tout katye, epi pase machèt devan pòt tout moun yo konnen ki pa danse kole ak pouvwa Jovenel-Ceant sa, yo mache sal tout miray enstitisyon piblik ak prive nan vil epi simaye kaka devan pòt plizyè moun pou pase raj yo genyen kont tout demach kap fèt pou konbat kòripsyon andedan peyi a.

LAKAYINFO ekri nòt sa selon temwanyaj plizyè abitan nan vil ST-MARC kap sibi menas nan men bandi sa yo kap sikile li e libè nan vil St Marc e lapolis trouvel nan difikilte pou aji paske mesye sa se travay pouvwa an plas la ke yap fè.

Ke moun ST MARC monte brigat pou siveye delenkan yo nan lanwit si lapolis ak lajistis nan koplotay ak yo pou denigre eskan figi vil St Marc.

LAKAYINFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading