16 mai 2024

ALTENATIV TET ANSANM POU REFONDE AYITI

7 min read

Kontèks Peyi Dayiti tonbe nan yon kriz jeneral jounen jodi a ki menase pwòp egzistans li. Gen nesesite pou nou aji vit pou nou sove enterè tout Ayisyen pandan n ap lite pou peyi a reprann dwa grandèt majè li. Kriz sa a, ki blayi nan tout kò sosyete a, montre sistèm sosyopolitik ak kiltirèl ki enstale depi 1806, rive nan bout li.

Sitiyasyon kriz jeneral sa a, se rezilta move desizyon dirijan nou yo pran nan tèt peyi a. Se konsa, nou gen yon prezidan ki pa gen lejitimite popilè epi, mete sou sa, ki enkapab, k ap chache sèlman jwi privilèj pòs prezidans la ba li. Li pase anba pye tout espwa pèp vanyan sa a nan melanje enterè pèsonèl pa li ak enterè Nasyon an; li plonje peyi a nan mizè, lawont ak dezespwa. Li pase anba pye tout prensip fondalnatal nan zafè administrasyon piblik. Li mete kanpe kòripsyon, gagòt nan administrasyon Leta yo, dezòd nan enstitisyon yo epi vòlè byen peyi a kòm prensip pou dirije Leta. Enplikasyon Premye Dam nan nan eskandal koripsyon zafè Dèmalog la montre volonte Prezidan Repiblik la ansanm ak Madanm li pou yo fè dappiyanp sou pwosesis elektoral ki ta dwe fèt la. Bagay sa yo gen gwo konsekans sou Nasyon an tankou: moun ki pi byen fòme yo ak jèn yo ap kouri kite peyi a, enflasyon an prèske rive 20 pou san (20%) epi defisi yonn sou lòt plizyè bidjè prèske rive karant milya goud (40 000 000 000), sa ki mennen degrenngolad goud la (jounen jodi a ou bezwen 93 goud pou yon dola meriken), ogmantasyon san fren lavi chè a, sa ki lakòz pèp la vin pi pòv.

Enkapasite Prezidan Repiblik la pou li garanti bon fonksyonman Leta a vin fè kriz enstitisyonèl ak politik k ap souke peyi a vin pi grav depi li rive sou pouvwa a :

• Peyi a pa gen gouvènman depi Premye Minis, Jean Henry Céant kite pouvwa a 18 mas pase a ;

• Manda Direktè jeneral polis nasyonal la rive nan bout li jodi a ;

• 31 dawout k ap vini la a, manda Gouvènè Bank Repiblik Dayiti a ap bout ;

• 9 septanm, chanm Depite a ap antre nan vakans ;

• 28 oktob, gen eleksyon ki ta dwe fèt pou renouvle yon tyè nan Sena a ;

• Dezyèm (2ièm) lendi janvye 2020, ap gen yon disfonksyonman Palman an kote senkantyèm (50ièm) Lejislati a ap tonbe epi yon tyè Sena a ap pati;

• Peyi a pa gen bidjè pandan nou gen tan nan fen egzèsis fiskal 2018-2019 la.

Kidonk, se sou pouvwa Prezidan sa a, peyi a vin plonje nan yon klima dezòd ayisyen potko janm viv.

Apre pil konsta sa yo, mete sou rapò Lakou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif la (CSC/CA), ki konfime aksyon kriminèl prezidan repiblik la nan gagòt 4 milya 600 milyon dola meriken lajan Petwo Karibe a, pèp la leve kanpe pou mande regleman pou lajan sa a epi pou li pran desten li nan men l. Plizyè jounen mobilizasyon ki deja fèt nan tout peyi a montre sa, tankou : mobilizasyon 6,7 ak 8 jiyè a, epi 17 oktòb ak 18 novanm nan lane 2018, soti 7 pou rive 17 Fevriye, epi 18 me nan lane 2019 la jouk rive jounen jodi a, pou mande Prezidan Repiblik la demisyone san kondisyon, yon fason pou pwosè Petwo Karibe a rive fèt epi pou Konferans Nasyonal Souvren an (KNS) ka òganize. Olye Prezidan an tande vwa pèp la, li prefere al chache mèsenè etranje vin vyole teritwa nasyonal la mete ak gang ame pou fè masak Lasalin, kafou fèy, Tokyo epi ekzekisyon brital plizyè santèn konpatriyòt nan peyi a. Tout zak malonèt sa yo gen yon sèl objektif: ride l kenbe pouvwa a san konsiderasyon pou tout revandikasyon pèp la. Konpòtman san fwa ni lwa sa a, se yon gwo krim wot trayizon kont Nasyon an.

Konsa, pou mete yon bout nan tout deriv pouvwa ki la jodi a, epi pou sove ti rès diyite pèp ayisyen an, branch enstitisyonèl opozisyon an reyalize konsiltasyon ak anpil sektè nan peyi a nan lide pou mete sou pye yon « Altènativ tèt ansanm pou refonde Nasyon an».

Nan pèspektiv sa a, men angajman òganizasyon ak enstitisyon ki siyen deklarasyon sa a pran :

Nan nivo politik

• Prezidan Jovenel Moïse dwe kite pouvwa a lapoula san kondisyon, pou yon jij k ap sòti nan lakou Kasasyon Repiblik la ranplase l.

• Kritè pou chwazi jij sa a se: yon jij ki te byen nonmen dapre lalwa epi ki pa enterese nan politik, sans responsabilite, entegrite, bon repitasyon nan nivo moral ak etik epi li pa dwe gen okenn apatenans politik.

• Depa Jovenel Moïse anba presyon pèp la ap mennen nou nan sitiyasyon revokasyon gouvènman an ansanm ak senkantyèm (50iem) lejislati a. Sa louvri pòt pou ale nan yon tranzisyon 3 lane pou pi piti.

• Premye minis la ap soti nan opozisyon lajman laj ki regwoupe tout sektè nan lavi nasyonal la ki eksprime yo aklè pou depa Jovenel Moïse san kondisyon. Li dwe genyen: sans responsabilite, konpetans ak kalifikasyon epi yon bon eksperyans nan jesyon enstitisyon; li pa te dwe enplike nan okenn gaspiyaj lajan pèp ayisyen an sitou nan dosye Petwo Karibe a.

• Premye minis la ap monte yon kabinè ministeryèl enklizif ak reprezantatif epi l ap remèt li bay Prezidan an pou nominasyon. Kabinè sa a pa dwe gen piplis pase katòz (14) minis.

• Mak fabrik gouvènman tranzisyon an se transparans ak ak patisipasyon.

• Eli kolektivite teritoryal yo ap rete nan fonksyon yo.

• Yon ògàn miltisektoryèl k ap rele “Otorite Nasyonal Tranzisyon” (ONT) ap gen pou misyon kontwole aksyon pouvwa egzekitif la, swiv epi evalye fèy wout egzekitif la epi bay pozisyon l sou aksyon pouvwa egzekitif la pandan tranzisyon an. Estrikti sa a ap gen onz (11) manm.

Konpozisyon l, manda li ak mòd fonksyonnman li ap soti nan kad yon akò politik.

• Aprè enstalasyon gouvènman an, premye minis la, nan tèt kole ak Otorite Nasyonal Tranzisyon an, ap gen 30 jou pou yo rive mete kanpe :

◦ Yon komite k ap gen pou òganize Konferans Nasyonal Souvren (KNS) an,

◦ yon Sekretarya Teknik pou komite sa a.

• Moun k ap fè pati komite òganizasyon KNS la epi sila yo k ap fè pati Sekretarya Teknik la, se yon arete prezidansyèl k ap nonmen yo.

• Y ap mete sou pye yon komite k ap genyen pou fè swivi ansanm rezolisyon k ap soti nan konferans nasyonal la.

• Pandan tranzisyon an, gen dispozisyon ki dwe pran pou ekri yon lòt konstitisyon pou defini kad legal ak nouvo achitekti enstitisyonèl peyi a.

• Nouvèl administrasyon an ap respekte angajman nasyonal ak entènasyonal yo sou baz prensip kontinyite nan zafè Leta epi respè dwa tout kretyen vivan.

Fèy wout Gouvènman Tranzisyon an gen ladan l :

• Pran mezi epi kreye kondisyon pou nou reyalize pwosè Petwokaribe a ak tout lòt pwosè sou zak koripsyon ki fèt nan peyi a.

• Travay pou ranfòsman enstitisyonèl estrikti tankou ULCC, UCREF, CNMP ak CSC/CA.

• Reyalizasyon pwosè masak Lasalin, Kafou Fèy ak tout lòt zak vyolasyon dwa moun.

• Akonpanye viktim masak ki fèt yo.

• Travay pou nou bay andikape yo aksè nan tout aspè lavi politik, ekonomik ak sosyal peyi a.

• Pran yon dekrè pou revoke Konsèy Elektoral Pwovizwa ki la kounye a.

• Amelyore kondisyon travay ak lavi fonksyonè Leta yo (anseyan, polisye elatriye).

• Mete yon plan devlopman enstitisyonèl polis nasyonal la an mach nan tèt kole ak wo eta majò li a.

• Derasinen fenomèn bandi ak zam epi fè sa ki posib pou moun ki nan gang sa yo rejwenn plas yo nan sosyete a.

• Reyalize yon envantè finans Leta ak byen piblik yo epi kominike rezilta a bay popilasyon an.

• Reyalize yon pwòpte nan zafè finans Leta a sou baz yon bidjè patisipatif ki chita sou bezwen kolektivite yo Gwo lapwòpte dwe fèt nan bidjè Ekzekitif la pou retire tout depans initil ansanm ak privilèj ki pap sèvi enterè Nasyon an.

• Reyalize yon refòm fiskal kote tout aktè ki konsène ap enplike.

• Derape yon refòm sistèm edikatif la sou baz pwojè refondasyon peyi a.

• Revize tarif dwàn yo.

• Lite kont kontrebann.

• Mete yon klima favorab pou devlopman biznis yo nan konkirans nan tout peyi a.

• Fè pwomosyon epi aplike transparans nan depans Leta avèk desizyon sa yo :

◦ Enfòmasyon ki konsène resèt ak depans Leta, kolektivite teritoryal, òganis otonòm ak endepandan yo dwe aksesib pou tout moun.

◦ Enfòmasyon sou avantaj fiskal, avantaj dwanye ak lòt avantaj Leta bay dwe transparan epi aksesib pou popilasyon an.

• Fè evalyasyon ak odit pou refòm nan enstitisyon sekirite sosyal yo tankou: ONA, CAS, OFATMA, yon manyè pou yo ka pi byen jwe wòl yo nan peyi a.

• Odit sistematik nan tout enstitisyon dekonsantre ak desantralize Leta yo tankou: OAVCT, CONATEL, APN, AAN, tout kolektivite teritoryal yo …

• Lanse prese prese plizyè aktivite pou bay anpil moun travay nan domèn envestisman nan enfrastrikti piblik.

• Oryante epi fasilite envestisman nan tout peyi a nan tout branch motè ekonomi an tankou : agwo-endistri , touris ak konstriksyon epi an menm tan nan branch kap swiv yo tankou : agrikilti, atizana, transpò epi fabrikasyon materyo konstriksyon.

• Bay jèn ak fanm antreprenè yo aksè ak ankadreman pou yo jwenn kredi pou monte pwojè antrepriz yo.

• Entegre san demagoji dyaspora a nan zafè Peyi a.

• Entegre jèn ak fanm kalifye yo nan administrasyon piblik santral ak desantralize sou baz konkou.

• Bay kreyòl la tout dwa li ak tout plas li kòm youn nan 2 lang ofisyèl peyi a.

• Ranfòse, redinamize diplomasi Ayisyen an.

• Mennen yon batay fewòs nan zafè lit kont krim finansye avèk blanchiman lajan.

• Leta dwe mete kanpe tout mekanis enstitisyonèl yo pou asire kouvèti inivèsèl swen lasante ak bon jan sèvis ledikasyon rive jwenn tout popilasyon an.

• Òganize eleksyon jeneral sou baz kalandriye ki soti nan Konferans Nasyonal Souvren an.

Yon akò politik k ap gen siyati gwo aktè nan lavi nasyonal la ap gen pou defini modalite aplikasyon altènativ sa a.

SEKTÈ DEMOKRATIK

LAKAY-INFO

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading