15 mai 2024

PATI 1: GRAS A JORAM VIXAMAR,NIVO MASTER PA LIKS ANKÒ NAN DEPATMAN NÒ PEYI A.

5 min read

PATI 1:

GRAS A JORAM VIXAMAR, NIVO MASTER PA LIKS ANKÒ NAN DEPATMAN NÒ PEYI A.

Lontan pouw te genyen yon Master ou tap oblije al peye 3500$ US pou pi piti chak ane nan yon inivèsite prive. Jodia ak sèlman 25 000 goud nan 2 zan sèlman, menm jan sa fèt nan gran peyi yo, ak yon program master ki genyen 120 kredi ladann ke Joram Vixamar vin enplante nan inivèsite piblik okap la, wap kapab genyen yon Master nan menw.

ANN ESEYE WÈ ANSANM DANJE KI GENYEN POU EKIP VIXAMAR A AKOZ DE PROGRAM MASTER SA.

1- li gen yon group profesè ki tap mande Joram Vixamar poul te fè Master a pou sèlman profesè. Anpil nan profesè sa yo se lisansye yo ye e yo konsyan ke li pral difisil pou yo bat yon ti jeune ki fenk soutni memwal nan konkou pou antre nan Master a. Anpil nan profesè sa yo pa gen chans antre nan Master a, e yo santi ke djòb yo menase koz Upnch pral mete deyò anpil moun ki fè Master nan yon ti tan ankò, ki donk etidyan Upnch pral mete tout profesè sa yo deyò nan ansèyman non sèlman nan depatman nò a men nan tout rès peyi a.

Djòb nèg sa yo menase, daprè ou yo tap janm vle wè Joram Vixamar??

2- Premye ane Master a te peye $1000 us, gro pil lajan sa koz pitit sòyèt ki bon nan master a pèdi plas yo ladann paske podyab nou pa gen mwayen. Malgrel te nan pri sa, le fèt ke lòt Master ki genyen yo pi chè el posib pouw pase plis ke 2 zan ou paka janm fini, Dirijan inivèsite sa yo santi ke avni lekòl yo menase, sitou yo aprann ke Joram Vixamar ak Joël Michel gen entansyon mete 2 lòt Master ankò nan inivèsite piblik la.

Nou tout ka mete nou nan plas dirijan sa yo, poun kapab wè kantite kontantman nèg sa yo ap genyen si Vixamar pèdi batay lap mennen an paske chak ane UPNCH ap diminye kantite moun ki ta pral fè Master nan inivèsite prive sa yo.

Nou ka konprann kisak fè nou wè yo itilize anpil vakabon ki pa janm frekante inivèsite ap mache denigre Master a, dil se yon Master chanpwèl malgre se profesè ki pi konpetan yo kap fè kou ladann. Tout denigreman sa yo, se eseye yap eseye diminye valè moun kap fè Master nan Up a pou yo kapab dekouraje lòt moun vin ladann.

3- UPNCH se 4 èm inivèsite piblik ki ouvri nan peyi a, apre 10 zan sèlman, li se sèl UPR ki gen yon program Master e se pitit li ki tal etidye an frans ki retounen avèl epi vin enplantel. Limonad gen yon bidjè de 352 milyon goud chak ane, li pa gen yon pwogram master ladann, e kedire bidjè UPNCH 12 million goud sèlman, pitit li enplante yon program Master ladann. Sa se yon aksyon ki moutre tout moun, lèw se pitit yon inivèsite wap dirije, se pa ti kòb wap touche a sèlman kap enteresew men fè tout sak depann de ou pouw ka fè inivèsite a grandi ap yon devwa pou ou.

Aksyon sa prouve ke nèg ki antèt inivèsite yo men ki pa pitit inivèsite yap dirije a oubyen ki pa gen okenn enterè nan progrèl, gen efò trè limite ke yo fè an avantaj de inivèsite yo

Sa koz etidyan nan tout peyi a motive pou yo kapab etidye davantaj epi retounen nan peyi yo non sèlman pou fè kou, men pou dirije inivèsite yo te fè lisans ladann nan, yon fason pou yo kapab devlope epi chache avantaj pou inivèsite yo.

Nou kapab konprann lè anpil etidyan ki gen kapasite genyen projè tounen yon nouvo VIXAMAR nan inivèsite kote yo soti nan yon ti tan ankò, enterè tout abolotcho ki pap regle anyen ki pi serye nan tèt inivèsite yap dirije yo menase anpil. E tout bagay sa yo ap agrave plis si Vixamar reyisi misyonl genyen an. siw te nan plas abolotcho sa yo ou patap finanse moun kap konbat Vixamar yo??

San nou poko pale de lòt reyalizasyon ekip sa rive fè, sèlman pou Master a ke Vixamar enplante nan inivèsite piblik okap la, sak pi rèd la, li desann li 25000 goud, nou kapab gentan konprann kijan li kreye ènmi toupatou, e san dout ènmi sa yo ap fè tout sak depann de yo, pou finanse group nèg ki kont Vixamar yo, dayè se yon dal nèg ke yo pap bezwen anpil kòb pou motive yo.

Nou menm etidyan inivèsite piblik okap la, mwen ka konprann ke kèk nan nou ka gen yon problèm pèsonèl ak Vixamar oubyen genyen kèk bagay ke nou pa renmen nan li men fòk nou konsyan ke nèg yo kap konbat Vixamar yo pa nan enterè nou, se enterè pa yo yap jere. Nou dwe konprann ke konba Vixamar ap fè a se pou nou menm pitit sòyèt ke lap fèl, si Vixamar pèdi, Master a riske fèmen oubyenl vin pi chè, yon fason pou nou menm ki fenk soti nan lisans pa gen mwayen poun antre ladann. Majorité nèg yap itilize yo pa genyen okenn nivo, ki donk yo pa gen okenn enterè nan Master a, men nou menm etidyan UPNCH, pa kite sanzave sa yo fè nou al goumen kont enterè nou sinon menm jan ak Henry Christophe ak Dessalines, se lè Vixamar mouri, apre anpil lane istwa va rapòte ke nou tap sakrifye pròp tèt nou nan goumen kont li.

Zafè Master a se yonn nan yon pakèt eleman ki kreye ènmi kont ekip Vixamar a, menm lè nou pa detaye tout bagay ki anndan eleman sa koz nou pa te vle trò long, men nou kwè nou di sak pi enpòtan yo. Nan lòt pati kap genyen pou soti, ansanm nou pral kontinye twouve e analize tout eleman ki koz yo pa vle wè ekip Vixamar a konsa.

je ak zòrèy enterè kolektif depatman nò

Etidyan UPNCH

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Copyright © 2023 LakayInfo. Tous droits réservés. Contact : lakayinfo47@gmail.com WhatsApp : +509 36.67.32.49 | Newsphere by AF themes.

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading